Depi plizyè dizèn lane, Arnold Antonin ap konstwi yon zèv sinematografik ki gen anpil fòs ak sans. Ayiti ak lòt kote sou latè, anpil nan nou vin devlope yon atachman ki pran dimansyon pasyon lakay nou, ak yon langaj sinematografik ki mete listwa kontanporen sou yon bèl pyedestal.
Nan ane katreven yo, anpil moun pa t fin konprann pwopozisyon sineyas Antonin te fè yo. Paske, nan tèt moun sa yo: sinema rete sinema. Sa vle di yon rankont an teknik manipilasyon imaj ak imajinasyon. Se tankou, yon sineyas pa t gen dwa revizite listwa san li pa rezizonnen l ak lejand pa l. Se tankou sinema pa t youn nan pi bèl zouti pou mete gwo pwojektè sou reyalite a ak kontribisyon moun nan destriksyon oubyen konstriksyon sosyete nou yo.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.