Sou direksyon Guy Régis Jr, « Mes villes debout » nan lis kreyasyon teyatral ki programe nan 23e festival 4 Chemen an soti 23 novanm pou rive 5 desanm 2026. kreyasyon sa a eksplore reyalite sosyal ak imen ak konstriksyon vil nou yo. Avèk tèks Kolektif SIR, kontribisyon Frankétienne ak kreyasyon vizyèl Maksaens Denis, pyès teyat sa a bay jèn k ap fè fas ak vyolans, povrete ak enjistis yo yon kannal, pandan l ap mete diyite moun ak fòs solidarite a an valè.

Vil yo rakonte istwa fasad bilding yo pa toujou kite nou dekouvri. Dèyè chak mouvman nan lari yo, foul moun k ap sikile ak bri lavi chak jou a, gen lavi ki frajil anba pwa inegalite, rèv ki gaspiye nan yon kominote k ap chèche lòt posiblite pou travèse demen. Se nan espas konplèks sa a, ki chaje ak blesi men ki gen anpil potansyèl tou, « Mes villes debout » pran plas li. Se yon spektak ki sèvi ak pwezi ak teyat pou ede nou konprann mond kontanporen an.