Si se volonte lanmou map baw kèm san mezire
Si sa ka fèw damou map fè tout saw dezire
Map aranjem poum toujou baw on ti souri
Nenpòt kijan sa ap fèw pi byen ke on bistouri
Gen plis onè nan bay ke resevwa
On ti bonjou vo plis ke orevwa
Si se vilonte lavi map mache nan chimen ou trase
M vle tankou lonbraj ou avi se pou ou rido kèm balanse
Zafè tout sam te espere ki diferan
San prezans ou m pa vo plis ke yon jwif eran
M vle rete avèw kwèm m vle mouri avèw
Nou pa ni pi byen ni pi mal ke jan nou panse
Se modalite prensip yo ki pou rebwase
Mwen reyalize ke vim lye ak paw
Map bliye sa sosyete a vle poum fe afe paw
Nou pa ni pi byen ni pi mal ke jan nou panse
Se modalite prensip yo ki pou rebwase
Lanmou ou ban mwen an se pa li m te eskonte
Men ou renmenm e se sa ki konte (2x)
Si se volonte lanmou map baw kèm san mezire
Si sa ka fèw damou map fè tout saw dezire
Map aranjem poum toujou baw on ti souri
Nenpòt kijan sa ap fèw pi byen ke on bistouri
Gen plis onè nan bay ke resevwa
On ti bonjou vo plis ke orevwa
Si se vilonte lavi map mache nan chimen ou trase
M vle tankou lonbraj ou avi se pou ou rido kèm balanse
Zafè tout sam te espere ki diferan
San prezans ou m pa vo plis ke yon jwif eran
M vle rete avèw kwèm m vle mouri avèw.
.comSi vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Connectez-vousPas encore de compte ? Inscrivez-vous
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.