"M ekri ak min kreyon rich 
lè nan plim mwen lank razè
M pa ekri pou m posede bèl kay, m pa ekri pou m woule Land Cruiser
M pa ekri pou lo CD m fè m fly, m pa ekri pou m moute nan kwazyè

M ekri pou m viv 
Pou mwen ekri se OKSIJÈN
Nan pwezi n trete gwo sijè 
Ki gen bon pwoteyin pou gwosi jèn