Se pandan yon manda tou kout, sèlman 10 mwa 13 jou (16 avril 1845 – 1e mas 1846), prezidan Jean-Louis Pierrot te rive poze yonn nan aksyon ofisyèl anblematik pou li te bay Janjak Desalin onè li merite pou wòl li jwe nan lavi istorik pèp ayisyen an.
Anviwon karant (40) lane apre asasina a (17 oktòb 1806), prezidan Pierrot fè chante elòj finèb anperè a nan legliz pawasyal Okap, Mibalè, Okay ak Gonayiv. Se pou premye fwa, depi lanmò papa nanchon an, yon gouvènman òganize fòmèlman yon evennman pou reyabilite memwa premye chèf Leta peyi a. Pandan anviwon karant lane, apre lanmò l, non papa Desalin sonnen tankou yon sakrilèj, yon entèdi sou menm bout tè li te goumen pou bay libète epi kwape blan kolonizatè ak esklavajis ki t ap toupizi mounite.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.