‘’Wòch se premye pwen m voye deja’’ se tit katriyѐm rekѐy powѐm powѐt Ar Guens Jean Mary ki sòti nan edisyon Legs nan lanne 2023 ki pran prix international de l’invention poétique. Se yon powѐm angaje. Yon liv ki di doulѐ, ki di lavi, ki di san men tou, ki di lespwa. Chak powѐm nan liv la s on chan, son temwanyaj vivan, s on ekspresyon nanm.
Powѐt yo se pwofѐt. Se kòmsi powѐt la te konnen lѐ li t ap ekri liv sa. Jodi a se deblozay nan Pòtoprens, moun ap mouri, fanmi ap deplase, bal ap paweze nan tout katye, nan tout lakou. Premye vѐ liv la ; « sòti avni Kristòf rive pye simityѐ/ m pa konn konbyen fwa m mouri/ nan ti jwѐt fouye twou antere bout rѐl/ ak moso souvni/ ki t aprann gade eklips nan je/ sòti pye simityѐ desann Pòtay di Lamesi/ wòch se premye pwen m voye deja »
Powѐm sila se tablo reyalite sosyal politik peyi a. Li gen anpil souf ak anpil emosyon. Chak vѐ, chak fraz s on temwanyaj vivan. Imaj pwofon. Kisa k yon bon pwezi ? Yon bon pwezi, se yon pwezi ki touche sansiblite lektѐ a, ki gen anpil emosyon, ki charye lektѐ a nan yon lòt monn. Devan powѐm liv sila nou twouve eblouisman, etonman. “M ranmanse tout syѐk nan yon twal san”
“rѐv jenerasyon sou gachѐt”, Ar Guens Jean Marie gen talan pou li fѐ imaj ki touchan, sansib epi ki chokan. Chak vѐ li yo mande anpil refleksyon. Nou li powѐm nan, nou kite emosyon yo rantre nan nou menm. Se pa yon powѐm ki ka li byen rapid. Li pwezi Wòch se premye pwen m voye deja se eksplore lavi, tan. Se radyografi Pòtoprens jodi a.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.