Lanmò Chedlet boulvèse m anpil, pi plis pase jan m ta panse. Petèt paske m pa t janm imajine li ta pral mouri kounya, sa fè m pa t janm panse ak ki jan m ta ka santi m si sa ta rive. Poutan se yon moun mwen gen anviwon 2 lane depi nou te pale, ki pale? Yon ti echaj tou senp. E se sa k ap tiye m! 

Mwen se yon entwovèti nan nanm, m pa fasil inisye konvèsasyon. M se moun ki nan fèt ak zanmi m epi pa ka tann pou m antre lakay pou m al izole m. Kè m ka plen lanmou pou ou, mwen pa p rate okazyon pou m montre w sa (si okazyon an prezante), men m pa pi ekspresif pase sa nan koze emosyon oubyen santiman.