Yon koudèy rapid sou istwa a
Nan monte Fèmat pou li al pase vakans lakay Matant li, Ana, Antwàn Sebastyen vin rankontre aksidantèlman avèk Melani, yon jenn fanm peyizan, li vin damou fou pou li. Manmzèl pa te nan koze lekòl. Se machann legim li te ye. Se lagrikilti li te ap okipe sou tè agrikòl fanmi li. Kòm Antwàn te pwofesè lekòl epi Melani, fanm bèl entelijans, te genyen yon swaf pou ledikasyon, Antwàn te jwenn yon teren tou pare pou li travay. Li te pran san li epi li sèvi avèk pasyans li pou li te mete konesans sou Melani (paj 28). Melani te kontinye etid li jouk li rive nan retorik.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.