Èske w te konnen “Choucoune” ki nan powèm Oswald Durand an se yon pèsonaj ki te egziste toutbonvre ? Bon non li se Marie Noël Bélizaire, moun Laplenndinò kote li te fèt nan lane 1863, pitit Petit – Frère Bélizaire ak Ismène Pierre, daprè Akademisyen Michel-Ange Hyppolite nan liv « Istwa pwezi kreyòl Ayiti ( Educa Vision, 2000) ki site Etienne C. Dumervé nan liv « Histoire de la musique en Haïti, 1968 : 97 -  98 ». Rive yon tan, Marie Noël Bélizaire te vin abite Okap nan katye Ti Ginen, ri Sensimon # 4. Annapre, li t apwal tabli katye jeneral li toupre chapèl Senjozèf (toujou Okap). E se la li menm ak Oswald Durand te rankontre nan yon restoran li te genyen. Marie Noël mouri lakay li (Laplenndinò), nan dat 10 oktòb 1924.

Pa gen dout « Choucoune» se yonn nan powèm literati ayisyen an ki pi popilè (si l pa powèm ki pi popilè a menm). Gras ak travay Michel Mauléart Monton ki te mete l an mizik nan lane 1890 yo, anpil moun kapab savoure bèl powèm sa a toupatou nan lemond. Plizyè atis depoze vwa yo sou powèm sila a, chante li nan plizyè lang. Nou gen paregzanp Harry Belafonte ki adapte l an anglè sou tit « Yellow Bird”. Nou pa ka bliye Martha Jean – Claude ki chante “Choucoune” an espanyòl. Jounen jodi a, anpil moun wè nan non “Choucoune” senbòl tout bèl fanm kreyòl; tout fanm ayisyèn natirèl nou kapab di ki pote bote yo san kontaminasyon lòt enfliyans ki pouse anpil fanm ap chanje koulè po yo, anvayi cheve yo ak tout kalite pwodui, elatriye. Nan imajinè kolektif ayisyen an “Choucoune” se tout bèl fanm fòm bonbe… tete ogadavou, souri solèy mi…