Nan yon piblikasyon li fè sou rezo li yo 1e jiyè 2024 la, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) anonse akademisyen Emmanuel Michel Bazile kite nou jou dimanch 30 jen 2024 la. “Akademi Kreyòl Ayisyen ap anonse avèk lapenn lanmò akademisyen Michel Bazile. Akademisyen Bazile fè pati 33 premye manm Akademi an. Akademisyen Bazile mouri 30 jen 2024 la, aprè yon maladi li te sipòte avèk kouraj ».

Lenguis, edikatè, Emmanuel Bazile antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen nan dat 4 desanm 2014. Se Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki te andose kandidati li pou li te vin manm enstitisyon an. Travay ak kontribisyon akademisyen an nan pwomosyon ak valorizasyon lang kreyòl touche sitou domèn edikasyon. Poudayè, li patisipe nan pwodiksyon divès dokiman pou lekòl ak inivèsite. Pami yo, nou jwenn : Pwogram kreyòl ansèyman teknik pou 3 lane ansèyman / IPN ; Modil fòmasyon / Edikasyon 2004 – Inivèsite Quisqueya ak USAID (1999 – 2000) ; Pwogram kreyòl pou Nouvo Segondè / IFOCED ak MENFP, 2008.