" Mwen siyen Kòadepale ak yon santiman satisfaksyon, paske apre yon atant ki te long, mwen rive bay piblik la posiblite achte liv la. M ap pwofite remèsye tout fanmi, zanmi, kòlèg travay mwen ak lòt moun mwen pa konnen ki te pote kole pou vant siyati a reyisi ", se sa Jean Rony Beaucicault te déklare.

Selon otè a, Kòadepale se yon seri ekspresyon ki fèt ak pati nan kò moun. Kidonk, Ayisyen itilize pati nan kò yo pou yo kominike ak pale tout koze. " Liv la divize an twa (3) pati: 
1) Ekspresyon ki gen rapò ak tèt, san bliye lòt pati nan ki nan tèt la tankou cheve, je , nen zòrèy, bouch...
2) Ekspresyon  ki gen rapò ak sa a Ayisyen rele kò a, nou ka site tete, vant, do, kòt...
3) Zòtèy, pye, janm, jenou, se ekspresyon sa yo nou jwenn nan pati sa a.
Mwen ajoute yon endèks alfabetik, k ap pèmèt lektè yo konprann sans chak ekspresyon san bliye pati lektè ki kapab antre nan jwèt la tou ", se sa li te ajoute.