Se an prezans plizyè akademisyen, anplwaye enstitisyon an, fanmi ak zanmi defen an, Akademi Kreyòl Ayisyen rann grandèt Emmanuel Michel Bazile yon dènye omaj, lendi 8 jiyè 2024 la, nan lokal AKA a, sou Bwavèna. Plizyè pèsonalite te entèvni pou yo di jan disparisyon akademisyen an frape yo fò, pou yo di tou vid gwo mapou sa a kite nan enstitisyon an ak nan travay pwomosyon lang kreyòl la. Pami yo : akademisyen Grégory Calixte, akad. Clotaire Saint – Natus ki te pran plezi soulinye sitou bon jan rapò zanmitay ak pwofesyonèl ki te soude yo ak kòlèg yo.

Vizaj tris, sekretè egzekitif AKA a, mesye Samuel Jean Baptiste, sonje sakrifis akademisyen Emmanuel Michel Bazile te toujou prè pou li fè pou Akademi an : « Akademisyen Bazile te prè pou li fè tout sakrifis pou li patisipe kòmsadwa nan divès aktivite Akademi an, menm si rive yon lè sante li pa t twò anfòm. Akademisyen Bazile te konnen vrèman kòman pou li mete kè li ak nanm li nan tout sa li ap fè pou lang kreyòl ak pou Akademi Kreyòl Ayisyen an li te entegre depi 2014. Lanmò ban nou yon gwo frap ».