Christophe J. Philippe Charles, yon ekriven, yon antolojis pou listwa ak memwa
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen, Christophe J. Philippe Charles charye yon karyè pliridimansyèl : jounalis, pwofesè, ekriven, powèt, editè, antolojis… Istorikman, sila ki maton nan kesyon istwa literè an Ayiti, rekonèt Christophe J. Philippe Charles kòm otè premye antoloji pwezi kreyòl ayisyen an : « Anthologie de la poésie haïtienne d’expression créole » ki te soti an 1979, lakay Éditions Choucoune. Li te parèt ak yon nouvèl edisyon menm antoloji sa a an 1980. Sou menm tras la, nou jwenn « Tablèt lakòl I» (2012), « Tablèt lakòl II » (2017) ki se de (2) mini – antoloji kote nan yon chak li chwazi savalouwe pwodiksyon kat (4) potorik ki nan fason pa yo mete anprent yo nan literati lang matènèl nou an. Nan Tablèt lakòl II, paregzanp, nou jwenn ekriven Pauris Jean Baptiste ki te pran pri Deschamps an 1985 pou woman « Nan lonbray inosans » ; Claude Pierre, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, otè « Lang pa gen zo » ; Emile Célestin Mégie, kreyolis jouk nan nanm, otè woman « Lanmou pa gen baryè » yo konsidere jisteman kòm yonn nan premye woman lang kreyòl ayisyen an. Christophe Charles se yon enfatigab. Yon entèlèktyèl, yon antolojis pou listwa ak memwa. Li konprann nesesite pou li travay kinalaganach pou li valorize ak fè pwomosyon pwodiksyon literè lang lan. An 2012, bò kote piblikasyon mini – antoloji « Tablèt lakòl I », nou jwenn yon manmanpenmba liv : « 135 poètes d’Haïti écrivent en créole de 1750 à 2011 ». Antoloji sa a se yon veritab travay referans ki moutre nou bèl evolisyon tematik ak estetik pwezi kreyòl ayisyen an, kontribisyon diferan jenerasyon ekriven konsyan ki (te) konprann ekri nan lang matènèl yon pèp se kontribye nan devlòpman entèlèktyèl…pèp sila a. Nan premye paj « 135 poètes d’Haïti écrivent en créole de 1750 à 2011 », alappòt, akademisyen Christophe prezante nou yon bèl rale, trè pedagojik, sou diferan moman ki travèse istwa pwezi kreyòl la ki etale sou plis pase de (2) syèk.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.