Se nan lokal lise nasyonal Petyonvil, Teyat Nasyonal Ayiti lanse, lendi 29 jiyè 2024 la, “Atelye Syto Cavé. Atelye sila a ki chita esansyèlman sou teyat, dans ak chan tradisyonèl e k ap bout 8 septanm mobilize yon trantèn jenn fanm ak jenn gason. Sidney Louis (Pè Toma), Abdoul D. Z Vilson, Alain Augustin, Ramsès Philius, Enoune Dimanche, Michelle St – Félix, Renel Lorvil, Eliezer Guerismé, Techelet Nicolas ak Yves Penel ki se direktè jeneral Teyat Nasyonal fè pati pèsonalite k ap genyen pou yo pataje konesans yo ak esperyans yo ak jèn yo.

Mesye Yves Penel, direktè jeneral Teyat Nasyonal Ayiti klè nan echanj nou te genyen sou Atelye Syto Cavé : « Jodi a, se avèk anpil plezi, fyète nou lanse Atelye Syto Cavé, ki se yon pakedj fòmasyon atistik kote nou jwenn teyat, dans ak chan tradisyonèl. Pandan n ap onore Syto Cavé kòm dramatij, dizè… pou bèl eritaj ak travay li ki itil teyat nan peyi a, se menm volonte a ki toujou anime nou pou nou fòme plis moun nan peyi a nan domèn nou sot site yo. Dayè, se yonn nan misyon Teyat Nasyonal Ayiti. « La nature a horreur du vide ». Ki fè, peryòd ete a, nou panse se yon bèl moman pou nou okipe lespri jèn yo sitou ak aktivite ki kapab konstui yo kiltirèlman, entèlèktyèlman pou yo santi yo byen nan po yo. Pou yo santi nesesite pou yo rete sou bon wout la epi sèvi peyi yo nan diyite».