Félix Morisseau Leroy se powèt, dramatij, kreyolis, jounalis, anseyan. Jounen jodi a, yo konsidere l kòm papa pwezi kreyòl ayisyen an. An 1951, li pibliye “Djakout”, yon rekèy powèm total kapital ki plase li nonsèlman kòm powèt ki premye pibliye yon rekèy pwezi konplè an kreyòl, men tou kòm jeni sa a ki pote yon kontribisyon wòdpòte nan elaji inivè tematik pwezi kreyòl ayisyen an. Félix Morisseau Leroy, gran powèt, gran majòjon mo, se yonn pami 165 otè ayisyen Liv an foli 2024 la te onore pou kontribisyon yo nan fè avanse panse ayisyen an.

Nèg natif natal Grangozye (Sidès peyi Ayiti) kote li fèt nan dat 13 mas 1912, Morisseau Leroy pa kite anprent li sèlman sou literati kreyòl la antanke powèt, menmsi se sitou sou chapo sa a plis moun konnen li. Nan djakout Moriso kòm kreyatè, nou jwenn plizyè zèv teyatral ak kont, tankou : Vilbonè (1982), Teyat kreyòl (1997), Antigòn, Wa kreyon, elatriye. Manm Sosyete Koukouy, grandèt Morisseau Leroy fè pati kategori ekriven ki kwè ekri an kreyòl pa sifi nan batay ak travay pou lang kreyòl la jwenn plas li kòmsadwa nan tout konpatiman sosyete ayisyen an. E se konsa nou pwal jwenn yon Moriso ki kanpe an gran pwomotè kreyòl li te toujou ap defann kòm lang ki dwe okipe yon plas premye plan nan sistèm edikasyon peyi Ayiti.