Le Nouvelliste : Christopher Stanley Maurissin se mànken, stilis e direktè Magic Transformation of Models (MTM), yon ajans mànkina ki ap evolye nan peyi an depi 2016. Li travay ak anpil spesyalis nan domèn lan tankou Michel Chataigne, Steeve Phoenix ak konpayi Sarje. Christopher rete poutan yon mistè pou piblik la. Pou moun ki pa konnen w, èske w ka retrase pakou ou nan domèn lan? Ki kote pasyon pou mòd ak mànkina sa a sòti? Ou te gen moun nan fanmi w ki te ladan l?

Christopher Maurissin : Christopher se yon mànken ki te konn defile pou plizyè designer. Mwen patisipe nan plizyè aktivite mòd, ekspozisyon, defile. Lè mwen vin kreye ajans mànkina MTM an 2016, mwen kanpe sou zafè defile a. Mwen antre nan fè fòmasyon pou jèn k ap patisipe nan konkou Miss ak Mister. Malgre mwen gen ajans pa m, mwen te toujou ap ede lòt ajans ak lòt enstitisyon ki pral òganize yon aktivite mòd paske mwen retwouve m nan sa m ap fè a e mwen fèl ak lanmou. Manman m te yon mànken Cos.Com.Art, men mwen pa t grandi avè l. Se granmè m ki leve m. Mwen te toujou ap swiv granmoun lan, jan l te konn abiye, fason li te konn mache. Se te yon mèvèy ! Grann mwen te bwòdè wi ! Mwen te piti, mwen pa t ka esprime admirasyon m men li vin devlope yon pasyon nan mwen. Se nan aktivite lajenès legliz m pral kòmanse monte sou sèn pou yon komedi mizikal. Mwen te renmen sa anpil. Mwen te rive yon kote mwen pa t vle rete nan nivo sa ankò. Chemen lavi a pral fè m jwenn plas mwen pou m viv pasyon m ak rèv mwen.