Le Nouvelliste – LN: Avèk plis pase 60 % popilasyon kreyolofòn nan Karayib la, li klè Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Anpil moun menm kwè se yon atou babemoustach pou peyi nou an. Daprè ou kòman Ayiti ta kapab esplwate reyalite sila a pou li, sitou nan dinamik konstriksyon yon kreyolofini solid e solidè?

Gary S. Daniel - GSD: Divès grandèt tankou Emile Roumer, Félix Morisseau Leroy, doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou), Henri-Claude Daniel (Jan Tanbou), Emile Celestin Megie (Togiram), Jan Mapou, ak anpil lòt plimeyank ankò, te toujou konnen lang tout pèp ayisyen pale a ta dwe sèvi popilasyon Ayiti a. Pèp la pa te nan kantite nou ye jounen jodi a e mwen pa kwè lòt peyi ki pale kreyòl lakay yo te ko sansibilize nan pwen nou te ye e menm rive nan pwen nou ye kounye a. Poutan ak kantite Ayisyen ki gaye nan monn lan kounye a, li vin enpòtan pou nou ta konkrètman pran epi jwi avantaj lang lan paske anpil inivèsite ak lòt peyi, ki vle sèvi kominote ayisyen  ki lakay yo kòmsadwa ap vanse nan itilizasyon lang lan. Se pa sèlman yon vanse ekonomik. Se pote sèvis ak limyè nonsèlman pou respekte lalwa, men tou pou sèten gwoup imigran ki pale kreyòl jwi dwa politik ak ekonomik yo. Ki fè Ayiti dwe esplwate itilizasyon lang kreyòl la diplomatikman, politikman, legalman, entèlektyèlman epi kiltirèlman.