Pou tout viktim tranblemanntè Gransid yo

Yèmaten, tè a tranble. Pyès vil pa gentan kouri. Poutan, nan tras pye tan an k ap kilbite, m tande byen fò bri moun nan Sid, moun Grandans, moun nan Nip ki pati kite nou manman. Jiskoulye tè a kontinye ap tranble. Jiskoulye tè a kontinye ap tranble. Kamarad, se pa rimè !