« Kadav mawon » se yon pwosede oubyen yon fòmil teknik ki mete aksan sou kijan yon moun ka rive kreye yon èv literè, atistik avèk anpil « emosyon vrè ». Emosyon vrè sa kopye tipikman vrè emosyon yon moun konn bay lè li twouve li nan yon reyalite ki pouse li kriye osnon ri... Fò n ajoute tou, moun nan kapab ekri san li pa al kopye vrè emosyon sa paske genyen kondisyon ki konn fè moun nan vrè san li p ap chache teknik pou li ekri vrè. Se sa nou jwenn lakay sanba ayisyen yo ki konn konpoze yon chante sou lechan sou yon reyalite politik kèlkonk. Nou viv bagay sa yo tout tan an Hayti. Kon sa, etònman oubyen sezisman jwe yon wòl enpòtan nan kondisyònman sèvo kreyatè a. Sa ki ba li ti pas kout pou li jwenn kouran k ap mennen panse li a. Fòmil kadav mawon an chita sou ekzanp mawon Sendomeng yo ki t ap viv sou bout tè ki te gen ansyen non li Hayti, Kiskeya ou Boyo e palasuit li pral vin tounen Hayti aprè endepandans li an 1804.
Nan premye mwatye ventyèm syèk la kèk ekriven sireyalis fransè envante yon jwèt ki pote non nan lang fransè a « Cadavre exquis ». Pou yo rive reyalize li, se plizyè moun ki mete tèt yo ansanm pou sa fèt. Se nan yon papye chak moun ap pase bay lòt, ladan y ap ekri san konplèks sa ki soti nan enkonsyan yo. Ebyen fòmil kadav mawon an kapte aspè kolektif la nan cadavre exquis a, men nan yon lòt fason diferan. Si n ap suiv mouvman mawon sendomeng yo soti sou Kasik Anri pou rive sou Makandal, Boukmann, Sansousi, Lamouderans, Makaya, Petinwèl Priyè, Donnpedwo elatriye., n ap wè yo te refize dominasyon mèt yo pou yo kapab al pran refij yo nan mòn ki te tou sèvi yon espas libète pou yo. Se pa pou san rezon nan sosyete nou an, nou wè toujou genyen yon konfli ant nèg lavil ak nèg andeyò. Nèg lavil konn souvan joure nèg andeyò nèg mòn. Yon fason pou yo ka montre nèg mòn pa vo anyen e poutan, depi yon pakèt ane, se nèg ak fanm mòn ki pote manje lavil. Sa vle di, se yo ki plante, ki rekòlte manje pou pote vann moun lavil. Sa vle di tou, se nan mòn libète vant moun lavil soti.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.