Richardson Jeune se yon powèt ki grandi nan depatman Grandans. Li fenk pibliye Mak Pye lespwa. Pwezi a dire. Pwezi a fò, puisan. Lang lan byen travay. Mo yo chwazi avèk swen. Mak pye lespwa s on vwayaj nan lavi, nan espas kote powèt la ap evolye. Pafwa powèm nan di lanmou, pafwa powèm nan fè kòlè (enjistis, ensekirite, koripsyon). Premye vè nan powèm nan : Kè solèy ki sispann bat.
Vè sa travèse tout liv la. Pwezi nan Mak pye lespwa se yon rechèch. Powèt la ap chache lespwa. L ap chache solèy, lap chache yon ti souf.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.