Frantzley Valbrun se yon pwomès san entèwogasyon. Li deja pibliye 2 rekèy powèm, “Makòn dan”, (2017) “Kolye an demon” (2019). Li fenk pibliye “Mo pou timoun renmen apre lapli” (éditions Couleur d’encre, 2024).
Premye vè nan rekèy la ; “Nanpwen powèm chèlbè pase nou”. Depi nan premye vè powèm nan tèks la parèt tankou yon monològ. Powèt la ap esplike vi li, jès li, lavi isit nan peyi Dayiti. Menm si tèks yo pa gen tit, yo pa pote menm pawòl. Se yon vwa ki adrese l ak fanm, timoun, otorite, latè. « Cheri/ si w ap chache jan pou renmen m/ tanpri pa renmen m pou kòw /renmen m ak yon bri kè ». Mo pou timoun renmen apre lapli se yon metafò pou « sekwe nanm tout sansiblite n ».






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.