Tanbou se yon enstriman senbolik nan istwa peyi Dayiti. Nan lavi chak grenn ayisyen tou. Li enposib pou yon ayisyen tande yon bon kout tanbou pou li pa leve danse. Pou li  pa souke kò li. Paske tanbou a nan san nou, li nan nanm nou, li nan jèvrin nou. Se ak tanbou nou te libere. Se ak tanbou nou chante lavi, nou revòlte, nou ri, nou kriye. Se nan objetik sila Atelye Tanbou Plen Minwi pran nesans ; pou ede jenn fanm ak jenn gason nan peyi a jwe tanbou epi pa gade enstriman sa senp konsa, men gade l kòm yon senbòl, yon eritaj. Nan ti pale Le Nouvelliste fè ak Batala ki se fondatè Atelye a, li te detaye pou jounal la objektif Atelye a:  « Atelye a gen pou objektif demajinalize Tanbou, ede plis moun konnen kisa enstriman sa ye epi kisa li reprezante nan kilti peyi a epi sa li reprezante pou chak grenn ayisyen. Misyon nou se rive fè Tanbou ansenye nan lekòl klasik, nan lekòl pwofesyonèl ak nan inivèsite. Nou nan batay pou n konsève ak pwomouvwa rit tradisyonèl yo ki se patrimwàn Kiltirèl imateryèl », se deklarasyon Batala.

Li fè konnen depi lò atelye sa pran nesans li deja fòme anpil jenn fanm ak jenn gason. Atelye a gen plis pase 200 moun l ap fòme, moun sa yo divize an plizyè klas. Yo rekrite moun chak 3 mwa. Chak sesyon yo rekrite 60 moun ki divize an 2 klas debitan. Yo aprann moun konnen Tanbou byen kòm enstriman.  «Nou aprann yo konnen chak fanmi lwa ki mache ak  fanmi rit yo. Nou aprann yo chante ki mache ak rit yo. Angwo nou ede yo konnen tèt yo. Konnen tèt yo se konnen kilti yo,konnen kilti yo se konnne peyi yo,konnen peyi yo se renmen pwòp tèt yo,renmen tèt yo se renmen peyi yo», se sa Batala aprann Nouvelliste.