Seremoni omaj sila pase nan lakou Miami, Etazini vandredi 22 novanm 2024, an prezans yon latriye envite. Jan Mapou se yonn nan pi ansyen manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen an ki toujou kanpe kinalaganach malgre peripesi. Pou kèk obsèvatè, kreyatè a resevwa yon omaj byen merite pou rich kontribisyon li non sèlman nan Miami Book Fair, men sitou nan difize zèv, kilti ak literati kreyòl ayisyen. Li fè tout sa atravè pwodiksyon pèsonèl li, pwomosyon zèv lòt kreyatè, kesevwa manm Sosyete Koukouy oubyen lòt otè nan lòt regwoupman.
Yon ti tan apre seremoni omaj sila, manm nan diferan branch Sosyete Koukouy toupatou sou latè sonnen lanbi pou Jean Mapou. Men kèk reyaksyon nou rive anrejistre:






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.