Apre plis pase trant (30) lane l ap fòme epi enfòme yon oditwa kreyolofòn lajman laj atravè mikwo Lavwadlamerik (Voix de l’Amérique), pa gen dout Lyonel Desmarattes reprezante yonn nan vwa mitik k ap rete make pou lontan istwa lang kreyòl nan medya nan tout mond lan, sitou Etazini. Bò kote karyè li mennen kòm jounalis, nou jwenn yon Lyonel Desmarattes ki konsakre tan li, konpetans li ak enèji li pou kore devlòpman lang kreyòl la. Nan sans sa a, keseswa se sou chapo li antanke ekriven, dizè oubyen tradiktè, ko – envite donè 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la montre yon pasyon san limit pou lang natifnatal nou an kontinye taye banda, bay payèt nan tout domèn lakonesans.
Envite alonè nan plizyè evènman enpòtan tankou « Journée du Livre et des Médias haïtiens de New York », Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, Lyonel Desmarattes antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen an 2022 sou pwopozisyon Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA) ki te soumèt dosye kandida li. Sou tras tonton li, Félix Morisseau Leroy, Lyonel tradui / adapte divès chedèv ki make literati mondyal la. Pami travay sa yo nou jwenn : Panse ak Refleksyon filozofik (The Prophet, yon liv filozòf libano – ameriken, Khalil Gibran), Mouche Defas (Tartuffe, yon pyès teyat Molière), Fanm filozòf (Les Femmes savantes, Molière), Zanmi Pèsonn (Le Misanthrope, Molière). Dènye kout filè a se Les Trois Mousquetaires, Alexandre Dumas Père li adapte an kreyòl sou tit Chevalye d’Artagnan / Yon katriyèm Mousketè » ki soti an 2024 la nan Edisyon Koukouy. Li klè, demach ko – fondatè KOMALAK la (Komite pou Avansman Lang Kreyòl la) ale pi lwen pase yon senp volonte pou li anrichi patrimwàn literè lang lan. Pou n pi byen konprann, an nou li pawòl sa yo lenguis ameriken Albert Valman, ki se egalman ansyen pwofesè nan Inivèsite Indiana, ekri sou katriyèm kouvèti woman Woben Lakwa : « Mennen koulèv lekòl se youn, fè l chita se 2 » - Si nou aplike pwovèb sa a nan kesyon alfabetizasyon an (kesyon aprann li, aprann ekri) an Ayiti, nou ta kapab di aprann moun ekri se yon bagay ki nesesè ; men sa k pi enpòtan toujou, se mete alapòte yo tèks ak liv ki enteresan pou yo li. Se la nou jwenn kokennchenn kontribisyon Lyonel Desmarattes ki adapte nan lang kreyòl ayisyen an e nan kilti peyi d'Ayiti a gwo zèv klasik yo, tankou gran pyès teyat franse yo, epi nan liv sa a li pèmèt Ayisyen yo ak lòt kreyolofòn yo jwenn nan lang manman yo premye kontak ant Ewopeyen yo ak Karayibeyen yo».






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.