Nou toujou ap mande kisa pwezi ye. Pafwa nou li yon powèm, nou kontan. Nou an tchoutchout. Nou santi pwezi a fè kè nou bat pi fò. Chak fwa nou li yon bon powèm, ofon, nan nou menm, n ap mande tèt nou kisa pwezi ye. Lè konsa nou pa ka jwenn repons yo. Nou jis kontinye li. Pa gen okenn moun ki gen repons sila dayè. Chak powèt, chak spesyalis bay yon definisyon pèsonèl. Men lè nou tonbe sou yon pwezi ki anbeli kèn, nou konnen. Pwezi se youn nan disiplin atistik ki fè emosyon jayi plis sou lèzòm. Lè pwezi a frape imajinasyon nou, lè pwezi a fè n kontan, tris, nou konnen. Se kesyon sa nou panse tout lektè pwal poze tèt yo lè yo fin li dènye rekèy powèm Raoul B. Altidor a. Repons lan ka petèt pwezi se viv. Paske powèm nan pyepoudre. Pafwa l Gonayiv, Etazini, pafwa tou se sou lanmè, lapli. Pafwa van pote powèm nan nan vizaj kèk pèsonaj mitik powèt la te konnen. Kèk ti istwa mitik tou. Pafwa pwezi a gen gou lanmou pou lèzòt. Pafwa powèm nan jis al balade nan egzistans nou.

"Mwen dòmi ak non w nan bouch mwen