Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) se youn nan enstitisyon nan peyi Dayiti ki gen plis lejitimite pou inisye yon dividal pri literè pou otè ki wòwòt oubyen pou otè ki konfime talan yo. Pri woman, pwezi, nouvèl, kont, teyat, esè. Kisa k yon pri literè ? Poukisa li enpòtan nan yon sosyete kote moun ap kreye ? Yon pri literè se yon rekonpans endividyèl yon enstitisyon oubyen yon strikti bay yon otè pou yon zèv li pibliye oubyen pou tout zèv li. Pri nobèl literati se pou tout zèv. Tandike pri Goncourt, Femina, Médicis se pou yon liv ki fèk pibliye. Pri literè yo pèmèt plizyè avantaj : otè a jwenn plis vizibilite nan laprès, li jwenn plis lejitimite nan je kèk lektè epi li pèmèt liv li an jwenn plis lektè tou. Pafwa sa bay otè a boustè pou l kontinye ekri. Yon pri ka lanse karyè yon otè. Pri yo konn ede ekonomikman otè yo pou yo kontinye kreye. Peyi Lafrans, Etazini, Almay se kote ki gen plis pri literè. Lafrans genyen prèske 2000 pri literè. Chak sezon yo gen pri pa yo. Pri literè yo pèmèt lektè yo dekouvri tou plis bèl liv, plis liv ki gen souf, plis liv ki te ka pase sou je yo san yo pa t wè pwofondè li.
Chèn liv






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.