Mwen gen yon seri kesyon m ap poze sou koze liv an Ayiti ki sisite anpil kiryozite. Nou nan ane 2025 men gen anpil avanse ki pou fèt nan zafè chèn liv la an Ayiti. Mache a piti anpil. Edisyon yo pa jwenn okenn finansman, men malgre tout obstak yo kontinye kenbe rèd. Jounen jodi a liv elektwonik la se yon gwo mache men pa gen anpil avanse ki fèt ladan l an Ayiti. Sou sit entènèt anpil mezon edisyon an Ayiti nou pa jwenn okenn mwayen pou achte liv yo fèk pibliye nan fòma nimerik (sa ki gen sit entènèt yo). Sa ki lakoz sa ? Se pwoblèm dwa otè, oubyen mache a ki tèlman piti ?
Jounen jodi a mache liv elektwonik la estime pou 17, 20 milya dola lajan vèt an 2024; yo prevwa li ka atenn 21,73 dola lajan vèt nan ane 2029 avèk yon kwasans 4,78% ant 2024 e 2029. Se enstitisyon Mordor Intelligence™ Industry Reports. Ki fè rechech sila.





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.