Si pou selebrasyon 25yèm jounen entènasyonal sa UNESCO chwazi kòm tèm “Tout lang konte”, bò kote pa l, AKA selebre jounen sila sou tèm “Lang Kreyòl Ayisyen an, zouti rezistans pèp Ayisyen an”. Dapre prezidant AKA a, Rosilia Francois Corneille, tèm sa chwazi nan lide pou fè lòt nasyon yo konnen jan nou atache ak lang manman nou menm jan nou atache ak peyi nou.
“21 fevriye se yon dat ki dwe raple nou konba ki te mennen pou lang kreyòl la jwenn plas li nan tout kouch nan lavi soyete a. Nou dwe konprann lang kreyòl la se zouti rezistans pèp Ayisyen an. Pèsòn pa gen dwa tolere enjistis lengwistik ak diskriminasyon lengwistik”, se sa prezidant AKA a ki fèk enstale nan fonksyon l te deklare nan diskou l te fè nan okazyon an, pandan l te pwofite denonse direktè ak profesè ki kontinye ap pini elèv paske yo pale kreyòl nan lakou lekòl yo. Li kritike tou kèk administrasyon leta kou prive ki meprize moun paske yo pale kreyòl nan enstitisyon sa yo.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.