Darly Renois se yon powèt mwen ap li depi sou premye zèv li “Retay mo” (Freda, 2019), pase “Myèt moso” (Kri ekri, 2021) rive nan dènye liv li ki se “Vantrèz, Trèz powèm nan fiftiwonn leta” (edisyon Koukouy, 2024). Premye liv la se yon powèm sou lavi, sou senplisite jès yo, kesyon sou jès lavi. Se yon powèm pou di lavi, lanmou, limyè ak lonbray jou yo pote. Myèt moso se yon revòlt, yon mwayen pou di enjistis, lanmou, doulè jou yo pote nan zantray yo. Dènye a, Vantrèz, se yon chan byen long ki pote anpil kòlè, dezespwa, ak blesi yon pèp k ap soufri. Se yon inivè ki diferan pa rapò a de premye rekèy yo. Gen yon lòt souf, imaj yo plis ale pi lwen epi metafò yo mande tan pou reflechi. Darly Renois ale nan tout ti rak kwen, nan soufrans peyi li, nan lavi k ap vini san espwa, nan rèl k ap bonbade vil li san sekou. Se pa yon powèm angaje, se yon pwezi kòlè, se yon chan ki sòti nan tout zantray k ap soufri. « Bò isit se pa konngout/lavi graje moso lespwa ». Imaj sila ka rezime tout souf liv nan.
Vantrèz se istwa yon angajman. Yon angajman pou lespwa, pou souf ki pa sispann boule nan dife, pou di jan lavi « pandye de bra dèyè ». Sa ki gen nan Vantrèz se tout istwa reyèl k ap pase nan peyi a. Gen lagè, san n pa konn kote l soti, gen enjistis, gen mizè pou jwenn bout lanmè, gen detay vwa k ap mande pou ki silans nou toufe. Premye vè nan zèv la bay ton an, « tout peyi a an boulatcha”. S on monològ. Powèt la envite n tande istwa. Chak powèm pote yon istwa, yon pawòl, yon plent, yon vwa k ap plenn. Pwezi Darly Renois yo charye anpil emosyon, yo evoke dout, yon envite n gade nan fon kè n lespwa ki prale. Lavi k ap fè n filalang. Nan yon lang imaje, ki pafwa envante, Darly Renois envite n pran san n ak tan n pou n jwenn kote lavi fleri.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.