Depi w di “defans ak valorizasyon lang kreyòl”, genyen kèk pèsonalite ak òganizasyon k ap toujou vini nan tèt tout Ayisyen ki byen enfòme. Pami pèsonalite ak òganizasyon sa yo, ou pa ka pa tande pale de Michel-Ange Hyppolite, alyas Kaptenn Koukouwouj, ansanm ak Mouvman Kreyòl ki te vin tounen Sosyete Koukouy. Si w ap milite nan domèn lang ak literati keyòl, l ap difisil pou non sa yo pa kònen nan zorèy ou tanzantan. Dapre mwen, Kaptenn se youn nan eritye k ap suiv menm chimen potomitan tankou Jan Tanbou, Pyè Banbou, Pyè Griyo ak Jan Mapou te trase depi lè yo te fonde Mouvman Kreyòl ayisyen nan lane 1965.


Kaptenn Koukouwouj, ki se yon manm responsab nan Sosyete Koukouy, fè pati yon ti gwoup potomitan ki envesti tan, enèji ak lajan yo nan mouvman defans ak valorizasyon lang ak kilti kreyòl ayisyen an depi plis pase yon demi syèk. Nan kilti ayisyen an, yon potomitan se yon sipò, sa vle di, yon moun k ap ede lòt moun atravè konviksyon l ak angajman l nan yon kòz ki nòb. Yon potomitan se yon moun ki gen anpil enpòtans nan yon fanmi, nan yon lakou, nan yon òganizasyon, nan yon sosyete, poutèt bon jan travay l ap reyalize, non pa nan enterè pwòp tèt li sèlman, men nan enterè tout kolektivite a. Si yon moun pa vrèman gen konviksyon ak kouraj pou l pèsevere, li pa p kapab pase 40 lane ap milite nan yon domèn ki pa prèske gen anyen pou l ofri l an retou. 40 lane se pa karant jou non mezanmi ! Sitou lè yon nèg se angajman pèsonèl li ki lage l nan konba sa a. Kòm mwen nan konba sa tou, mwen ka fè diferans ant militan kreyolis ki antre nan batay la sou baz angajman pèsonèl, san sipò enstitisyonèl, ak sila yo ki angaje paske yo benefisye gwo finansman nan enstitisyon Leta kou prive. Pou mwen menm, premye kategori militan ayisyen sa yo k ap goumen an favè lang kreyòl ak pwòp mwayen pa yo, se yo menm ki se vrè potomitan nan domèn nan.