se vre m pa gen 
fòs pou m goumen
men lè tete w 
nan bouch mwen
tout manm mwen rèd

tout lavi m antre nan nich ou
tankou yon epòk yo keyi
tankou lanm lanmè sou sab yo ki mi
lavi m vin laj
byen laj
tankou yon gwo entèdiksyon
tankou yon gwo revolisyon
lanmou pete sou tout kò m