Nan 31e edisyon Livres en folie, k ap genyen pou l fèt nan lokal Frè Petyonvil yo, nan jou Fèt Dye a, 19 jen ki ap vini la a, Jennyka Nègre, yon jèn powetès, ap ofri piblik la an jeneral, fanatik pwezi yo an patikilye, Sezon lanmou, yon rekèy powèm an kreyòl kote li mete kè l toutouni sou yon plato devan nou.

Pou 31e edisyon pi gwo evènman ki òganize sou liv nan peyi a, zèv tout kalte pral fè mikalaw, menm jan ak lòt ane yo dayè. Enben Jennyka Nègre, yon jèn powetès ki wè jou nan peyi Bahamas, nan Anti yo, make plas pa l ak Sezon lanmou, yon rekèy ki soti nan founo C3 Éditions nan lane 2024.