Nouvo Edisyon Liv Franketienne nan gen anpil siyififasyon. Menm jan AK piblikasyon liv sa ki te make yon moman enpòtan nan listwa literè ayisyèn nan, redisyon Liv sa ke ekriven Lyonel Trouillot prefase a vle di anpil bagay. Se yon woman ki jwenn yon plas toutbon pami zèv literè nan lemond. Jan woman an ekri a, li fè lektè a konprann reyalite pèp ayisyen nan sa l ap sibi chak jou. Men yon bout ekstrè nan liv total kapital sa a.
" Branch boua makònin lan fon youn vié lakou koté vivan dé pié pasé raman. Youn ponyin sèl kòmansé fonn lan youn bonm dlo cho. Youn bonm dégradé, kolboso toupatou, noua anba kouch lafimin. Lan mitan youn boukan difé, youn latriyé grinn sèl tanmin pété. Lavi ak lanmò pa janm sispann troké kòn.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.