Premye liv la se lanmò pitit fi Li Soraya, ke lap rakonte nan lang franse. Dezyèm liv la ta vle sanble menm bagay la. Men diferans lan se ke li parye sou emosyon Li mete nan chak mo ki nan liv sila a. Se toujou lanmò pitit Li a ke Li ap dekri Men Li non selman mete istwa sa an kreyòl, Li gade tou koze solidarite zanmi ak fanmi t bay, Li menm ak fanmi pa m nan peryòd dèy sila a.
Pou moun ki viv lanmò yon pwoch déjà, kit se nan sikonstans trajik oubyen maladi, liv sa ap touche w pi fò, ou k menm rive kriye. Otè a mete nan chak paj tout sa ke Li t viv pandan moman sa a, epi Li mete an avan tou Jan fanmi Li t antoure l, depi nan nouvel lanmò a, Jan yo debake nan lopital la, jouk kek lane apre.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.