Lè nou deside pran wout “Lakay” pou rive wè Mèt Mibèl Abela nan Ma, lanati fè nou egzijans janbe 7 Pas Dlo. Nap mache, nap jwe. Chak gout swe ki koule sou fwon nou, se te tankou sous dlo lavi a k ap fè rivyè lavni an pa janm seche. Malerezman, timoum ki fèt nan fen ane 90 yo pat gen chans jwi bèl ti moman sila yo.
Pandan vwayaj la, anpil timoun te konn oblije fè ti poze, manje (pou sila yo ki te ka pote kichòy), plenyen, men abandone, oswa dekouraje nan wout, pat janm yon opsyon. Anpil fwa, pou kalme swaf, se fouye pou te fouye sab rivyè yo, kite dlo a filtre, epi bwè bwason natirel sila a ke lanati te toujou ofri gratis. Dlo sila te toujou pe fre, pi gou pase dlo ki soti nan kannari ak krich yo. Nan sezon mang, timoun yo te konn grenpe preske tout pye mang ki pouse bò dlo yo.
Nan tout wout la, si’w rate yon grenn bitasyon, ou pa di granmoun bonjou Ton, oubyen bonjou Tant, yap pote granmoun ou plent paske’w se timoun ki fwonte, ou te konnen pa dwe pase san’w pa salye tout fanmi.
Sou wout la tou, se te yon bagay etonan pou tout timoun ap admire bèlte lanati: chak bitasyon t ap briye ak flè tout kalite, sitou fledizè yo; Wosiyòl, Ranmye, Sèpantye, Ti kit, Zòtolan, Zwazo mouch, Esklav nan pye palmis yo, Ti kolibri vèt ak tras wouj sou kò yo t ap vole, kriye, danse. An menm tan, son tanbou vodou, ki soti lwen, t ap akonpanye nou nan tout chimen an. Son sa yo t ap melanje ak kri kabrit yo ak kwòk ki t ap sonnen nan kou yo, nan lide pou yo pa antre manje jaden vwazen yo. Ansanm, tout bri sa yo te tounen tankou melodi mizik sanba ak twoubadou nan konbit ak nan ranpanno.
Depi yo wè yo rive nan Man Tòtò (Manman Man Wilmen, grann Enjenyè Widlin Pyè), lespwa blayi paske yo atake gran Chimen, kote lokalite Mâ koumanse. Kidonk, yo pa nan janbe pas dlo ankò.
Avan w rive nan bitasyon fanmi Abela yo, kote Mèt Mibèl te toujou pase semenn li, ou gen pou pase devan kay plizyè lòt fanmi ak zanmi, epi rantre salye yo: Bitasyon Ton Samson Fleran (Ansyen Chèf Seksyon Savannolèt, papa Met Grasia Fleran); Bitasyon fanmi Sinoyis yo kote Pa Frank la; Bitasyon Oseyan Pyè, (Papa Lic, Pòl, Erise, Tann Nini, Jak), gran Tonton Mèt Mibèl; Bitasyon Simeyis; Bitasyon Ton Semeran Pyè, li se papa Ton Senbè, Tann Toul, Tann Sisinn. Ton Semeran se te gran papa Mèt Jòj, Mè Reno, Sèj, Woni, Man Jak; Bitasyon Senklis Pyè, ki se papa Dipi Pyè ak Deselmans Pyè, gran papa Jij Edi Pyè. Jij Edi, pitit pitit Senkils, se papa Doktè Dipi, Chaden, Sèls, Fima, Moklè, Mariklè; Bitasyon Élie Jozèf, laka “Tijan”, ki vin tounen kay Tipa (R.E.P.); Fanmi Bòs Sèsit Onore (Papa Vyolèt, Wilnè, Simòn ak Èns Onore); Dèyè do li ou jwenn bitasyon fanmi Edwa (Papa Klodya, Yotte, Zakari, Rony, Frito) ak Rezimis Senvil (papa Kolonel Ramis Senvil, Bòs Pachou, Bozèt, Linvi, Daniz, Tato, Nano, Destin Wilyam, Mariyèt), neve Ton Janti, kouzen pwoch Mèt Mibèl Abela; Bitasyon Ton Mannou, papa Agwonòm Ebèl Aman, Mèt Leyons Kolèj Wousan Kamiy, ak Defen Giyòm.
Savanolèt, yon zòn kote zanmi ak vwazen se fanmi.
Pandan vizit yo, anpil fwa, nou pa rive nan lokalite Beyòt, pou pase we rès mesye dam Fontil yo ak rès mesye dam Senvil yo. Pi douvan, lokalite Albè te toujou ap tann nou, plezi toujou fè nou pa gentan pase salye fanmi Valbwen. Se pa panse nou pat panse pase nan bitasyon Ovid Pyè, papa Webstè Pyè (Ansyen Minis Anviwònman Peyi Dayiti), Joslin Pyè, ak Mimoz Pyè Bobren (Manzè nan Boukman Eksperyans);
Tout sa te kreye yon rezo kote pat vrèman gen diferans ant sila ki fanmi ak sila yo ki se zanmi, paske nan Savanolèt, tout moun se fanmi.
Timoun Savanolèt pat posede anyen, men se konm si yo te genyen tout bagay. Yo grandi ak enèji lanmou, sajès, ak respè. Sitou envè sila yo ki te wè jou avan nou yo. Ni sila yo ki fe gran vwayaj la avan nou (Zansèt yo).
Yon zo bwa Bekàn Hercule 28, yon bout lakrè, yon radio Pewoni, gadinaj Kòk kalite, ak yon fanmi: Eritaj Bitasyon Mèt Mibèl Abela.
Depi ou fin kite legliz katolik Savanolèt la, ou tou rive laka Mèt Mibèl (Bitasyon Janti Abela, papa Mèt Mibèl; Met Bebe- papa Dalin ak Chouchou Abela-; Jak Abela; Mèt Jantèl- papa Met Selondie Abela-; Touyout; ak Agwonom Nolès Abela). Pòt la te toujou rete louvri yon fason pou akeyi tout moun ki vini. Andedan kay la te gen yon ti kabann an fè, yon ti tab, yon radio Pewoni (AM, FM, SW), epi yon vye bisiklèt Hercule 28, ki te sèvi li pou tout karyè pwofesè li nan Edikasyon Nasyonal jiskaske li pran retrèt li. Se anba kad bisiklèt sa tout pitit Mèt la te aprann monte “bekann”.
Nan lakou bitasyon an, se pye kokoye yo, pye kann annanna yo, pye mang bouboul la, mang kachiman yo, fransik yo, ansanm ak pye woukou, ki te bay lavi koulè ak lonbraj. Sou pye mang yo, nou te toujou ap fouye gade si pa t gen nich poul ki te gen ze fre ladan yo, menm si, an reyalite, Mèt la pap kite’w manye ze poul kalite li. Nou sonje gwo kòk papou a, yon bon plan kòk Mèt Ivan Jan Bèna te renmen anpil. Chak kout kokoriko kòk sa a, te yon vwa ki te ka fè echo rive jouk nan Bouk Wanament, pou lanse yon alèt a tout gagè nan zòn nan, pou di kòk Kreyòl kalite Mèt Mibèl yo pare.
Yon sèl grenn Kòk kreyòl ki vann, ka peye tout ane lekol timoun yo. Lè konsa tèt Mèt la frèt, li pran 2 kout tafia/gwòg kote grann Tera a, epi li al kouche anwo rasin Mang Modi a ki monte anwò tè. Lè konsa, Wa pa kouzen li, Prezidan pa bòpè li.
Zo bwa Bekàn Hercule 28 la, yon chwal bon ras ki pote espwa pou lakou a nan Bouk.
Chak wikenn, Makout Mèt la toujou byen jouke deyè bèkann Hercule 28 li an, tankou yon chwal gwo ras ki pote tout chay lavia sou do li. Bekann sila a chaje ak koko djaka ki soti nan bitasyon li: mang bouboul, mang kachiman, mang tete, mang abriko, mang Janmari, bout kann kiba ak kann annanna, zoranj dous, chadèk, kachiman, kokoye, ak poul peyi. Lè tè a pa bay anyen menm, oubyen sezon fwi yo fini, Mèt la ap pote yon vye pentad mawon kanmenm, yon fason pou l pa kite makout la rive nan Bouk la vid.
Mèt la lage bekann nan sou woulib depi devan bitasyon Man Eli Jozèf la, tankou yon kout van fre ki pote bon nouvèl.Tout sa, se pou li te ka vin soutni madanm li, Alèt Salvan (yon fanm enfatigab), epi trase bonjan direksyon lavi pou tout pitit li.
Pou tout timoun nan lakou a Wanament, rive Makout sila a se te toujou yon gwo fèt: chak wikenn, yo kouri pote boure pou vin dekouvri kado sekrè bèkann nan te pote, tankou yon panyen majik ki pa janm fin etone jounen yo…..
Chebede ak Ti Kawo, dyalòg ak kont an bank vivan li an.
Mèt Mibèl te toujou egzije nou pase salye tout fanmi yo san manke yonn: Dèfen Tann Tera (manman Dèfen Anann Lina Abela- Man Tchapala- Nann- Tantann, ki se manman lavi tout timoun Wanament ki tap viv nan Pòtoprens nan ane 80, 90, ak 2000 yo; Dèfen Mèt Jan Batis, Dèfen Abel, Dèfen Gilèn, Dèfen Tann Tata Kleyanta nan ri Valyè anfas laka Frè a, ak Difo Pwofèt), Man Mannou, Man Ajaks Abela (manman Jili, Salome, Myoz, Mèt Brinè Jan, Bris, Mèt Pégi Jan Abela ak Mèt Chilè Jean Abela), Man Katina ki se manman Wenston, vwazen Orèlyen-papa Orès ki gen bitasyon li anfas la, Tant Anma ak Ton Frank.
Dèfen Tann Tera sete madanm Dèfen Ton Fènan Abela, frè dèfen Janti ak Boven Abela, Lisita Abela- tann Tata-, Lasteni Abela - Tann Toul-; Gasite Abella- Man Zo Rasin. Sa vle di, sou papye, pwojeniti Janty Boven, Lisita, Lasteni, ak Fènan yo se kouzen, men a reyalite, yo toujou gade tèt yo, epi viv lavi a, tankou frè ak sè.
Nou pap bliye sakaje Dèfen Aldòf ak ti fawouch la: Tann Te, 3 e; "Aldòf, Tann Tera kisa y ye pou ou? Repons Aldòf: Maman!"
Anfas Dèfen Tann Tera a, ou jwenn Bitasyon Chebede (Nòvilis Jwaza) ak Tann Elèn ki se manman Alina, manman Chimèn. Sa vle di Btasyon grann ak grann papa Onèks Pyè ak Midèlin-madan Agwonòm Bòb Ari. Pa gen timoun Lakay ki tap boule limyè wouj pou pa di ti leson sa a: “Bonjou Ton Nò, Nòvilis Chal Pyè, Chebede Bòfrè Jwaza. Chebede li menm, l'ap reponn ou: .....Se chen ki gen 2 non."
Dapre resi Mèt Leonce: “Chebede te genyen yon bef ki te rele Ti Kawo. Lè Ti Kawo fèt, Ti Kawo pat vle tete. Chebede ap pale ak Ti Kawo: “Ti Kawo tete, tete Ti Kawo, Ti Kawo bouda kras tete. Siw pa tete lawouze wa bwè. “
Defen Man Zo Rasin- Grasita Abela- se te poto mitan fanmi an. Lakay li, nan Wanament, nan ane 40, 50, epi 60 yo, se te lekòl lavi kote plizyè jenerasyon zanmi ak fanmi te toujou vin rete pou chache yon moso ledikasyon laka Frè ak lòt lekòl nan Bouk la. Lisita Abela, se te yon manman.
Lisita Abela, tantann a Mèt Mibèl, te byen jèmen. Li te bannou Rozalvo (Kounou), Ènès (Bibin). Kresiyis, Deliyis, Man Maglwa, Mari Èlèn, Tann Dozin, Justin (Ton Youyou) ak Yolèt Monpremye. Youyou se papa mesye dam Djonsonn, Ebrant, Lanlan, Venè, Jistin, ak Kal Edga. Bibin, se papa Bòs Gamen (Bris ak Midèla).
Tann Toun Abela te ban ban nou 2 kouzen kouzin, Igèt ak Michèl.
Dèfen Ton Boven Abela (tonton Mèt Mibèl), se te papa Doktè Salnav Bovwa, Polen, Nounoun, Fedèl, Jan Ewo, Jan Wobè ak Tibo Likennson).
Nou pa ka bliye voye ochan pou Abela ki te tabli wayòm yo Fòlibète. Estefa Abela (frè Jan Bela), li se papa Nobè Abela, Man Ati, Man Telisma. Nobè li menm te ba nou plizyè gwo potanta tankou: Vèli, Sorèl, Papit (Ansyen Majistra vil Fòlibète), Frito, Loreta.
Ton Frank Abela, Ton Ame, Ton Silven, Mèt Blemi Abela, yo tout se pitit Ton Bazil Abela. Yo te monte pi wo, apre Ma, pou tabli Bitasyon yo.
Istwa Koyit nan Savanolèt, yon maladi foli ki vin tounen memwa tout yon kominote.
Si’w vini “Lakay” jou mache, ou pa ka pa sonje Koyit, kouzen Mèt la. Se Mèt Jantèl Abela ki te premye rantre ak Koyit nan Bouk. Li te bay tèt èy non: Pè Koyit, oubyen Sou zami. Lè fè cho, Koyit pote “ Sou kokoye, paske li fè sou chale”. Lè fè cho, Koyit pote “sou zoranj, paske li fè sou fredi”. Nou te ba li ti non: “Koyit Tèt Lok, oubyen Koyit moun fou”. Pou anpil timoun, se te yonn nan pi gwo sous distraksyon, sitou y te renmen abiye an jandam ak souflèt èy nan men y, konwè yon sòlda ki envante pwòp lame ak pwòp grad èy. Dimanch maten, apre legliz, se te lè parad militè pou Koyit. Lè Koyit pa nan san y, y te konn vie “Voye wòch” dèyè timoun yo. Men Met Mibèl, ak kèrèy ki te laj pase yon pye zanmann kap bèy lonbraj, pat janm dakò pou yo anniye Koyit. Men, nan sezon plante, ou pap jwenn Koyit nan lari: li te disparèt tankou yon pentad mawon ki al kache nan jaden anba touf pengwen, pou chèche grenn lavi.
Basin Kim: Yon flanm kap tounen sann douvan je nou tout.
Ou pa t ka kite zòn nan san w pa t fè yon vire nan pisin natirèl yo, Basen Kim, Pas Kabwèt, Man Ilè, Lawedi,, oswa al fon naje nan Kontre (kote dlo Wodòl ak dlo Digo kontre), kote vrè plezi a te toujou ye.
Gen timoun, pou lamanjay, ki te konn vin peche kribich ak krab nan Basen Kim. Pou kribich la, se te yon bagay fasil: jis leve ti touf pay la byen djanm, voye li nan sab la, epi kribich la vole. Men krab la, se te yon lòt istwa: ou te oblije rantre men w andedan twou a ak ris pou krab la pense’w, paske krab pa t janm lage kò li fasil devan pèsonn. Si ou gen chans, ou ka rale yon “Teta” tou. Se sak fè timoun yo te konn panse zangi se te pitit teta ak koulèv, paske yo pa t janmen jwenn yon zangi ak ze nan vant li. Yo pa te gen ase lespri ak enfòmasyon ke zangi, se jouk nan lanmè tou pre kontinan Ewop li ale fè pitit, apre pou ti zangi yo retounen gras a kouran dlo nan lanmè a.
Gen kèk timoun tou ki te toujou pè pou koulèv pa mòde men yo nan twou yo. Gen lòt ki te tèlman abitye, yo vin tounen “espesyalis” nan voye zen, kote yo tache yon moso vè tè tou vivan nan pwent zen an pou kenbe Borama (Tilapya) ak Teta. Se te youn nan pi gwo plezi yo bò dlo a. Adje, tan pase, tan ale… tan sa yo, tankou gout dlo rivyè k ap kouri al tonbe nan lanmè, yo pap janm retounen ankò.
Nou te toujou tou pè pou Mèt dlo yo, tankou Simbi, pat kenbe nou.
Ragou bèf, kasav, ak bwa difé: Gwo jès lanmou Asèn Abela pou kouzen li.
Asèn Abela, ti kouzen Mèt la, te toujou sonje pou mennen nou nan Bitasyon grann Likresia Pyè ki te gen pou ti non jwèt li: Manman Grann (manman Mèt Mibèl), kote Lekòl Nasyonal la kanpe jodi a, pi devan bò kote Ton Libè (papa Do Gale, Fadet, Kalin ak Ti Bofrè). Ti kwen sa a se te yon vrè wololoy: yon plas kote tout jenerasyon ka rasanble, manje ansanm, danse san pwoblèm, selebre lanmou ak kè kontan, epi venere zansèt yo tankou flanm dife ki pap janm etenn (yon flanm etènèl).
Apre Mèt la fin fè gran vwayaj la, jou vèy la, Asèn Abela sakrifye sèl grenn bèf li te posede. Li touye l, vann mwatye nan vyann nan, epi li debake nan Bouk laka Mèt la ak lòt mwatye a, ansanm ak plizyè kasav antye, 2 makout bwa dife. Se konsa li te pote kontribisyon y, ak tout kè rèy, nan veye kouzen li te renmen anpil la.
An reyalite: Jan pwovèb la di a: “Si’w pa konnen ki kote w soti, ou pap janm konnen ki kote wap rive”. Grasadye, nou konnen nou soti lwen, nou gen repè, se sak eksplike ke lap fò difisil pou nou pedi nan mitan chimen an.
7 Pas Dlo, 21 Pye Kanpèch: Yon jenès ki pa pat janm panse si se konsa demen tap malelve.
Agwonòm Sèj Ebèl Aman dekri reyalite 7 Pas Dlo yo konsa:
“Briskeman, M wè mwen ti pantalon kaki laka frè Wanament la anwo m. M wè m ap monte Lakay, toulede (2) grenn soulye m kenbe nan men m, paske te gen labou. M rive Bwalimen, anba 21 pye kanpèch yo ki tabli nan yon vas tè, ni se pa ti koridò yo kite koulye a. 21 pye kanpèch a p fleri, atè a tou jòn, anlè kanope a tou jòn, pafen rezaye enpi anlè a se yon mizik 1 milyon mizisyen (abèy) kap fè alevini a p chante, pandan y a p plen pye yo a k yon poud jòn pou yo pote ba Pèpèy nan riche myèl li yo, sou plis pase 5 kilomèt.
Apre sa, m sonje m trase yon wonn nan tapi jòn ki anba kanpèch yo, pou m fè kèk pati kannik (mab pou moun ki pa moun nan Nò) ak Limaten, Tonno, Innocent, Bòyò, Pierre Paul.... . pafen kanpèch yo rezayi toupatou nan nen yon jenès ki pa pat janm sipoze si se konsa demen tap malelve.
Apre sa m rive Lakay, premye jès la, se kanpe devan granmoun yo mete w doub blan (toutouni) pou remèt inifòm yo pou pa gentan tache yo a k lèt mang ak ponm kajou (Nwa), paske inifòm pa t pou w, se inifòm granmoun yo te ye. Nan pita m desann nan Mache Landjèz, kote te gen 13 pye kanpèch ka p nouri riche myèl Erivo a, kote Ton Tyo a; Kout kannik mare anba kanpèch ankò.
M sonje Eli ki chita bò wonn nan, chak lè tout nèg bay do pou piye anwo pa, Eli chatre 1, 2 grenn nwa nan wonn nan. E si jwèt la dire, wap rive yon lè, kannik fini, tout nan pòch Eli, se li kap vann tout nèg ki pran pán : “6 kannik pou 5 kòb”.
Answit, m sonje m te jwenn Ton Mannou kouche anba pye mang doudous la, chak fanm ki pase se fanm li, men se lè w soti nan mache, se pa kan w pase ale, yon fason pou li pa ba okenn fanm lajan.
Lè m tounen soti kote w te mennen m lan, se lè sa m sonje, lè m konn ap desann devanjou, wi m sonje zwazo sa yo: Kilokivil, Viyyis kap reponn Pipirit. Adjeeeeeeee, nostalji !
Anfen anfen, m sonje lapèch lannwit a 11è diswa ak Fabe (machann bwapen lakildèpen an), Wilnè, Giyòm, Lwi Medinò.
Chagren ki anmè a, se lè nou fè menm transèk la jodi a, nou wè pagen menm yon kanpèch ki reponn alapèl, yo tounen abone absan. Lòt chagren ankò, tout timoun se granmoun, paske yo pa jwe kannik ankò. 7 Pas Dlo yo pote dlo nan je, paske pagen vas tè chaje gwayav pou yo layite ankò lè yo an kòlè, pagen gwayav pou pran plezi souke ba kòchon kreyòl ankò. “Tout bagay yo ale” tonkou Belo ta di. “Se pa menm tan an ankò” tankou Bob Marley te di.”
7 Pas Dlo benit
Ansyen Jenerasyon Ayisyen yo a travè peyi Dayiti a te konn fè wout ki te pi rèd yo tounen pon. Kote rivyè yo te konn desann fò, yo fè pye yo tounen wòch pou louvri pasaj. Chak mak pye yo nan labou a, se pa sèlman soufrans, men tou se siy viktwa. Chak janbe dlo se te yon prèv kouraj ak detèminasyon, yon pelerinaj. Se yo menm ki louvri chimen an pou jenerasyon k ap vini yo ka mache ak tèt wo, san yo pa pè dlo, san yo pa pè distans, tribilasyon, kelkeswa kote yo rive a. 7 Pas Dlo yo raple nou fòs kominote yo, esperans peyizan yo, ak kapasite yo pou leve tèt yo menm nan moman ki pi difisil yo. Se temwayaj rasanbleman ant tradisyon, espwa, ak lavi kolektif.
Chif 7 la se kle ki ouvè pòt sakre lavi a, li vlope nou sou pwoteksyon li nan chak pas sou wout nou, epi li simen benediksyon sou tout chemen nou. Janbe 7 Pas Dlo sou wout la depase yon wout fizik pou Ayisyen; li tounen yon metafò lavi: Menm lè nou bouke, menm lè swaf ap koupe souf nou, nou rekole fòs nou, rechose sapat nou, epi kontinye mache. Nan tout kwen peyi Dayiti, se nan frekante wout sila yo, sajès ak disiplin ankre nan rasin nou, sa ki eksplike rezon ki fe moun ki soti byen lwen andeyò yo pa konn dekouraje fasil, epi toujou eseye batay pou rive leve tout defi lavi yo ak anpil detèminasyon.
Mèsi Mèt Mibèl ak tout lòt patriyach Savanolèt yo,
Abdel Abellard, Enjenyè-Agwonòm, Metriz nan Devlòpman Dirab ak Konsèvasyon Biyodivèsite;
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.