Akademisyen Christophe Philippe Charles te siyen 14 fevriye pase a yon rekèy powèm ki gen pou tit : « Kòk la chante ». Liv sa se yon rekèy powèm damou pou fèt Senvalanten. Se yon antoloji ki soti lakay Editions Chouchoune ke Philippe Charles fonde. Nan liv sila, powèt la rasanble yon dividal powèm li te ekri nan karyè li. Gen powèm nan liv sa ki gen plis pase senkant lane.

« Kòk la chante » se yon rekèy powèm Christophe Philippe Charles ekri pou li pale de lanmou epi lòt konfidans li fè nou sou lavi an jeneral. Liv Philippe la genyen ladan anviwon 86 paj, li divize an 6 pati epi sèt powèm : Marasa, Toupi lavi, Mayilo, Goudougoudou karatéka, Madan Kolo ak kèk lòt powèm malè, trajedi lanmou peyi.