« Yon pèp ki renmen bèl mizik
Yon pèp ki renmen melodi tou
Lavi a yo se doremi

« Yon pèp ki renmen bèl mizik
Yon pèp ki renmen melodi tou
Lavi a yo se doremi
Yon pèp lè l ap chante l p ap jwe tou
Li chante nan rara
Li chante nan mera
Li chante pou l moutre l revòlte
Lè l santi l imilye
Li chante
Lè l santi do l peze
Li chante
Lè l paka sipòte
Li chante
Pou l pa mouri toufe tou
Li chante…»
Nan ekstrè mizik sa, Kebert Bastien (KEB), yon atis/chantè Ayisyen, sou albòm li ki pote tit « Pwennfèpa », sou yon mizik ki pote non « chante », rive montre nou kouman pèp ayisyen, keseswa sikonstans lan, pa gen limit lè se pou l chante. Nan menm sans sa, Règleman Afè Popilè (R.A.P), yon gwoup Rap ann Ayiti, ki enskri tèt li nan yon demach « Rap Politik », chante Tribilasyon Ak Kè Kontan (TRIAKK), ki se dayè tit premye albòm gwoup la. Kote Emcee sa yo, atravè plim yo, moutre depi nan chan koton nan lakoloni, rive jouk jodi a, pèp ayisyen toujou makonnen chante ak fason l ap viv, nan kè kontan l oubyen nan tribilasyon l.
Rara, yon fòm mizik tradisyonèl, pa sèlman yon ekspresyon kiltirèl, men tou yon zouti politik ak sosyal ki sèvi kòm yon pòtvwa nan batay peyizan yo. Sa ki vle di, nan dinamik batay peyizan yo, chante Rara vin tounen yon mwayen kote jwisans ak revandikasyon marande pou kreye yon espas lwazi, rezistans ak solidarite. Men tou chante rara mache men nan men ak reyalite espas yo, kòmkidire li pa depaman ak li.
Orijin Rara a jwenn sous li nan yon pliralite epi li sanble pote tras tout gwoup pèp ki te rankontre ann Ayiti depi XVe syèk la : Amerindyen, Tayino ak Afriken. Plizyè ipotèz ki avanse eseye gade l konsa. E sa koz sou orijin istorik Rara, diskisyon yo anpil, e otè/chèchè yo pa rive antann yo sou menm definisyon ak sou menm pwennvi. Pou kèk otè, tankou Harold Courlander, Moreau de St Rémy ak Jean-Baptiste Romain, rara gen orijin li ann Afrik epi yo adopte li ann Ayiti lè yo mennen esklavaj lakay nou. Emmanuel C. Paul (Panorama du folklore haïtien, 1962), kote pa l di rara se yon eritaj kolonyal ki ta sanble te yon jou distraksyon yo te bay koloni yo. Jean Coulanger, kote pa li di rara soti depi nan tan Endyen Amerik yo kote Mayen yo te gen yon jou plezi yo te konsakre a lanati. Sa ki moutre a klè divèjans pozisyon sou orijin Rara a.
An reyalite, Rara kòm tradisyon ansyen, se plis pase yon mizik oubyen yon fèt, men yon zouti kiltirèl ki sèvi kòm fòm batay sosyal ak politik peyizan yo. E l se yon maryaj vi chak jou peyizan yo ak fason yo konprann reyalite ki antoure yo a. Nan demach sa, li enpòtan pou n analize wòl Rara yo kòm yon ekspresyon jwisans ak revandiaksyon.
Eleman enstrimantal mizik Rara
Eleman enstrimantal mizik Rara yo, se eleman santral nan tradisyon sa a ki sòti nan rityèl vodou ak fenomèn sosyal Ayiti. Nan rejyon tankou Latibonit, Yogann ak komin Grandans yo, enstriman yo chanje de yon espas ak yon lòt. Toutfwa, gen enstriman ki rete menm nan tout rejyon yo. Pou enstriman prensipal yo gen vaksin (twompèt silindrik an banbou oswa metal, ki bay son repetitif ak ritmik lè yon baton frape ladan l), tanbou yo, kata yo, ak banbou ki itilize pou pouse ritm ak fòs kolektif la. Anplis sa, gen fwèt kach, graj (yon rache epi an metal resikle), siflèt, kone, ak mannouba (lamèl metalik sou yon bwat). Tradisyonèlman, enstriman sa yo fèt ak materyèl resikle, ki reflete orijin popilè ak afriken yo, pandan gen kèk gwoup ki ajoute eleman Tayino-amerindyen tankou güiro ak tchatcha pou ranfòse ritm lan.
Nan Rara modèn yo, gen yon evolisyon ak entegrasyon enstriman tankou twonpèt, saksofòn, ak klewon, ki vin pi popilè depi plizyè deseni paregzang nan Rara Yogann yo. Men sa ki otantik la rete atacha sou pèkisyon ak son natirèl pou kenbe lespri vodou a anvi. An reyalite, vaksin rete kè enstrimantal la, ak plizyè longè pou diferans nòt, pandan tanbou ak graj bay baz ritmik lan ki fè dansè ak chantè yo avanse sou menm ton nan parad. Mizisyen yo, tankou banbouyè, tanbouyè, ak souflè vaksin, kolabore nan yon son kolektif ki senbolize rezistans sosyal ak lajwa kolektif, espesyalman pandan semèn sent lan.
Eleman jwisans nan Rara
Plezi, fèt kote tout moun ap fete. Nan sans sa jwisans se fason moun nan santi l lè l ap fè yon bagay ki ba l anpil plezi. E l trennen libète emosyonèl, ki fè moun nan retwouve l nan sa. Eleman jwisans nan Rara refere ak aspè ki bay mizik ak ritm Rara a yon karaktè amizan, kolan e kolaboratif, ki fè li vin yon eleman enpòtan nan kilti pòpilè ayisyen. Mete sou aspè kiltirèl la, Rara se tou, yon tradisyon mizik ki asosye ak sezon Karè. Espesyalman nan zòn riral Ayiti, kote li sèvi kòm yon mwayen ekspresyon kolektif ak amizman. Jwisans lan vini sitou nan dinamik gwoup la, kote chantè prensipal la (vokalis la) chante vè satirik oswa mesaj sosyal/politik la pandan foul la reponn ak refren enpòtan. Sa ki kreye yon entèraksyon ki fè tout moun santi yo patisipe nan yon festival lib. An reyaloite, Rara s on bèl melanj ki bay ritm ak enèji, ansanm ak tanbou, banbou, kata ak graj marye, pou fè moun danse e fè kò a mouvmante san rete. Sa fè Rara pa sèlman yon pèfòmans, men yon eksperyans kolektif ki pote lajwa e mete pwoblèm yo douvan je tout moun nan chante yo.
Dezyèm aspè jwisans nan Rara a chita nan nivo koneksyon, imajinasyon sosyal ak politik la. Chantè Rara yo souvan itilize pawòl yo pou kritike otorite, defann jistis oswa selebre Ewo lokal ak nasyonal, oubyen tou di tou wo tout sa k ap wounou wounou nan kanton an. E sa souvan kreye yon amizman ak iwoni ki fè foul la ri e aplodi. Pa egzanp, pandan pwogram nan, chantè a ka lanse yon chante k ap pase lòt bann Rara yo nan rizib, oswa li kritike politisyen, e repons foul la vin yon eksplozyon ri ak enèji. Mizik la toujou gen yon ritm rapid ki ankouraje danse, kote fanm ak gason melanje san distenksyon, e sa ranfòse dinamik inite ak libète yo. Jwisans sa a se pa sèlman fizik, men tou li sansasyonèl, e l pèmèt moun yo eksprime fristrasyon yo parapò ak reyalite chak jou yo. Sa ki fè, chante Rara yo mache men nan men ak reyalite moun yo, e fè Rara vin yon zouti rezistans popilè ki amizan men pwofon.
Pou n fini, jwisans Rara a eksplike tou nan kostim kolore ak atmosfè festival la ki kreye yon espektak vizyèl ki melanje ak son an. Manm gwoup yo mete rad ki apwopriye ak gwoup yo, pandan y ap mache nan lari y ap chante ak danse, e sa atire foul la pou swiv yo nan yon parad enpòtan. Eleman sa yo, ansanm ak konpetisyon ant bann Rara yo ki gen gwo defi chan ak dans, fè chak pwogram Rara vin yon evènman eksplozif amizman. Sa kreye yon anviwònman kote jwisans lan se yon fason pou selebre idantite ayisyen, renfòse lyen kominote a e jwenn yon ti repo nan difikilte lavi chak jou. An rezime, jwisans nan Rara se kreyasyon yon mouvman kolektif ki melanje mizik, danse ak festivite.
Revandikasyon sosyal ak politik
« Pote kòd oooo
Pou n mare vòlè yo (2 fwa)
Lè jou a rive
P ap gen kote pou y al kache
Pote kòd oooo
Pou n mare vòlè yo. »
Sanmba Novyèl, youn nan pi gwo Sanmba Komin Koray, nan Rara « Nou Fèl », chante pote kòd pou mare vòlè yo. Yon chante ki kanpe doubout fas ak reyalite politik la, e ki charye dèyè l tout dezakò zak koripsyon ak vòl ki fè dappiyanp nan lajan Leta a.
Revandikasyon sosyal ak politik nan Rara yo grandi nan kontèks tradisyon popilè ayisyen an, ki souse nan istwa revolisyon 1804 la, kote bann Rara yo te sèvi kòm tribin pou denonsye enperyalis, koripsyon ak inegalite sosyal yo. Sòti 1957 rive 1986, anba rèjim Duvalier yo, Rara te vin tounen yon fòm pwotestasyon kache, ak chante satirik ki kritike pouvwa a epi revandike jistis tè ak dwa peyizan yo, tankou sa ki dekri nan etid sou mizik popilè ayisyen (McAlister, E. (2002). Rara! Leveaux and Politics in Haiti). Sa pèmèt popilasyon riral la eksprime fristrasyon yo kont dominasyon elit yo, lè yo defile nan tout peyi a pandan sezon Karèm nan, lè yo melanje ritm vanyan ak mesaj revòlte yo.
Sou plan politik, Rara yo montre solidarite kolektif kont rejim represif yo, kote lidè bann yo dirije foul la pou fè revandikasyon kont sosyete miwo miba, pwoblèm agrikòl, koripsyon ak tout fòm pwoblèm ki kontinye trennen sosyete a sou bouda, jan sa konn ye nan manifestasyon kont politik ekonomik ki detwi pwodiksyon nasyonal depi lane 1980 yo (AlterPresse. (2004). « Pozisyon ak revandikasyon tèt kole ti peyizan ayisyen »).
Bann Rara yo kreye yon espas pwisans pou intimidasyon otorite yo, lè yo raple fòs mas popilè a ki te ranvèse diktati ane 1986 la, epi mande refòm nan edikasyon, sante ak refòm agrè. Sa fè Rara vin yon zouti politik ki ranfòse inite kont elit yo, ak chante ki denonse koripsyon ak vòl nan Leta.
Finalman, revandikasyon sosyal nan Rara yo chita sou baz kilti oprime a, kote yo revandike kilti kreyòl ak dwa lengwistik, an menm tan yo defye dominasyon fransè ak etranje, jan analiz sou lang ak pouvwa nan sosyete ayisyen montre (Charesso. (2023). « Lang nan pwodiksyon sosyete ayisyen an »). Sa kreye yon espas pou fanm, machann ak jèn yo pran pawòl sou pwoblèm tankou sante ak edikasyon, pandan y ap bati yon naratif liberasyon ki lye ak batay kont vyolans, povrete ak ensekirite... Nan sans sa, Rara pa sèlman yon fèt, men yon revolisyon sonò ki kontinye enfliyanse mouvman sosyal ann Ayiti.
Boutofen, Rara, kòm yon tradisyon mizik ki soti nan zòn riral yo, reprezante yon fòm eksprime kolektif pou peyizan ayisyen yo, e ki pèmèt yo denonse enjistis sosyal ak politik atravè chante satirik ak dans yo. Se pa sèlman yon festival sezon, men yon zouti rezistans ki konekte ak istwa batay kont kolonizasyon ak diktati, kote band Rara yo òganize, e jwenn fòs yo nan solidarite.
Rara jwenn rasin li nan pratik vodou. Nan kontèks ensekirite tankou koudeta ak represyon, bann sa yo kreye yon espas semi-otonòm pou diskou popilè, kote pawòl chante yo kode mesaj kont pouvwa etabli san risk dirèk. Elizabeth McAlister eksplike kijan sa pèmèt peyizan yo pran espas piblik pou revandikasyon, menm lè lapèch politisyen limite libète ekspresyon.
Kòm yon kontinyasyon batay peyizan, Rara raple lame maron ak revòlt esklav yo, ak enstriman tankou vaksin ak klewon ki kreye son kolektif ki senbolize inite ak fòs. Nan istwa resan, li te sèvi kòm chanèl pwotestasyon kont okipasyon ameriken oswa rejim Duvalier yo, ak chante ki kritike koripsyon, povrete, ak enpak ekonomik sou agrikilti. Michael Largey (Vodou Nation : Haitian Art Music and Cultural Nationalism. 2006) montre kijan mizik Rara a kontribye nan nasyonalis kiltirèl, kote li ranfòse idantite ayisyen kont elit etranje yo.
An reyalite, jodi a ak modènizasyon epi migrasyon, Rara kenbe wòl li kòm vwa peyizan yo, atravè festival ki transfòme lari yo nan tè batay senbolik pou aksè tè, kont monopòl biznis etranje, ak kont pouvwa politik. Li evolye nan vil kou nan mòn, e l rete yon fòm batay ki eksprime dezakò peyizan yo ak move fòm gouvènans Leta a ki mete yo deyò epi pa kreye bon kondisyon lavi pou yo. Dokiman akademik tankou Wesleyan University (Le Rara et la politique) konfime Rara se yon eritaj vivan ki kenbe memwa rezistans kolektif.
Bibliyografi
"Le Rara et la politique." Rara Project, Wesleyan University. (En ligne) https://rara.research.wesleyan.edu/fr/le-rara-et-la-politique
JOSEPH Hudler. (2012). Le rara authentique et ses dérivés. (En ligne) https://www.haitian-truth.org/le-rara-authentique-et-ses-derives
Largey, Michael. (2006). Vodou Nation: Haitian Art Music and Cultural Nationalism. University of Chicago Press. (En ligne) https://www.academia.edu/3457987/Vodou_nation_Haitian_art_music_and_cultural_nationalism_By_Michael_Largey
McAlister, Elizabeth. (2002). Rara! Vodou, Power, and Performance in Haiti and Its Diaspora. University of California Press. (En ligne) https://www.ucpress.edu/books/rara/paper
Paul, Emmanuel C. (1962). Panorama du folklore haïtien : présence africaine en Haïti. Vol. 1. Imprimerie de l'État. 323 p.
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.