Nan yon atmosfè chaje emosyon ak rekonesans, Akademi Kreyòl Ayisyen rasanble yon bon santèn moun pou selebre lavi ak eritaj Pauris Jean-Baptiste, yon figi enpòtan nan batay pou lang kreyòl la, pandan kloti mwa ki pote non li.

Nan sal konferans otèl Kinam II, nan Petyonvil, kote Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) t ap klotire Mwa Pauris la, jedi 16 avril, pa t gen kote pou pike zepeng. Akademisyen, pwofesè, etidyan, elèv lekòl, atis, manm sosyete sivil ak jounalis te rasanble pou rann omaj ak Pauris Jean-Baptiste, ki rive nan 90 rekòt kafe.