« Tennfas » se yon rekèy powèm Richardson Auguste ekri an kreyòl ayisyen. Li parèt nan C3 Éditions nan lane 2025. Rekèy powèm sa ap disponib nan 32 zyèm edisyon « Livres en folie » ki ap fèt 4 jen k ap vini la nan Sant konvansyon El Rancho, nan Petyonvil. Otè a, Richardson Auguste se yon powèt ayisyen ki te loreya konkou « Pri Amarant 2022 », nan kategori pwezi. Tennfas se dènye rekèy powèm; nan rekèy sila, powèt la kite kè l pale sou sitiyasyon malouk Ayiti ap travèse depi lontan. Epi premye sib lapawòl powèt la se bal k ap simaye tout kote nan geto yo.
« Tan ale tan vini / Peyi a pa tchwe je bay foli konsa / se plenn n ap plenn anba jou ki moute n / an kalifouchon / Si powèt pa t anperè nan pwòp / lonbraj li / ak ki limyè li ta trangle doulè k ap woule sou / boulva / si lank pa t siyen non l / ak lawouze /nan ki powèm / li ta tranpe sezon k ap senyen nan men l » (p. 7)






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.