« 30 konsèy mwen te dwe jwenn avan 30 an » se tit yon liv Gaëlle Antoine ki ekri k ap disponib nan tranndezyèm edisyon « Livres en folie » a. Otè liv sa se yon jèn fanm ayisyèn ki fèt 24 avril 1996 nan Jeremi, nan Depatman Grandans. Li fè konnen se pasyon li genyen pou ekriti, depi lè li te timoun, ki pouse l ekri premye liv sa.
Pou li, liv sa se yon kado, yon men lonje pou nenpòt moun ki ap chèche direksyon, konfyans, ak fòs pou kontinye avanse.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.