« Tralala, limyè anviwònman latè tenyen » se yon liv ekriven-powèt Joseph Jackson ekri pou sansibilize ayisyen yo sou enpòtans pou pwoteje anviwònman an. Si l chwazi ekri liv la an kreyòl se pa san rezon. Pou otè a, yon mesaj konsa ap pi byen pase si l fèt nan lang manman tout ayisyen ki se kreyòl.

Nan 122 paj Joseph Jackson eseye reveye konsyans chak sitwayen sou kontribisyon yo nan pwoteje anviwònman an. « Tralala, limyè anviwònman latè tenyen » se pou tout moun an jeneral pran komsyans ke se fòt yo si anviwònman an ap degrade san rete, se sa otè a presize.