Nan kad lansman 6èm edisyon Pri literè Plimdò, Alliance Culturelle Haïtienne (ACHA) mete Akademisyen Pauris Jean-Baptiste alatèt omaj 2026 la pou kontribisyon wodpòte li nan literati ak pwomosyon lang kreyòl. Pandan seremoni an ki te dewoule nan Atrèl, grandèt literati a te lanse yon apèl bay lajenès pou pran edikasyon oserye epi kontinye valorize lang ak idantite ayisyèn kòm baz devlopman peyi a.