Depi 31 jiyè 2023, chak fwa dat sa a tounen, powèt Widly Jean, ki tabli nan Boston, pran plim li pou l salye memwa Liliane Pierre-Paul, fondatè ak direktris enfòmasyon Radyo Kiskeya. Se yon randevou ak memwa. Se yon pelerinaj entim kote pwezi tounen boukè flè li vin depoze sou tonm gwo vwa sa a nan laprès ayisyèn. Ane sa a, nan powèm « Kilè l ap katrè ? », li pran yon mo Liliane te konn repete chak fwa jounal la t apral kòmanse pou l fè l tounen yon gwo senbòl. « Katrè » pa sèlman make lè sou yon revèy; li tounen tan ki bloke depi jou Liliane kite mond sa a, tan yon peyi ki sanble pa rive reprann souf li. Ant mabouya, van, solèy, san, letènite ak espwa, powèt la mare yon chante dèy ak rezistans, kote memwa Liliane kontinye limen chemen pou yon lòt Ayiti.
Lòlòj mabouya
vire nan plede rele van,
paske y ap tann katrè.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.