Sòti 20 pou rive 25 oktòb 2026, Ayiti pral òganize premye Festival Liv Kreyòl Ayisyen (FELIKA), anba tèm « Mete liv kreyòl nan lavi n ! ». Se akademisyen, ekriven ak powèt Christophe Philippe Charles ki pote lide festival la, yon inisyativ Edisyon Freda ak Edisyon Choucoune ap mete sou pye.

FELIKA ap dewoule nan nèf vil atravè peyi a : Jakmèl, Okay, Tigwav, Pòdpè, Bonbadopolis, Gonayiv, Jeremi, Pòtoprens ak Okap. Aktivite yo ap fèt avèk sipò Ministè Kilti ak Akademi Kreyòl Ayisyen.