Nan tèks li sou Marasa Grann Sent Àn, woman ansyen Sekretè Egzekitif AKA, Luna Gourgue la, Lyonel Trouillot mete limyè sou yon zèv ki marye reyalite ak rèv, memwa lavi peyizan ak yon vizyon chanjman sosyal. Avèk yon lekti ki chita sou detay literè, sosyal ak politik woman an, li montre kijan pèsonaj yo depase wòl viktim yo pou yo vin aktè pwòp desten yo, pandan li souliye fòs solidarite, imanis ak lespwa ki travèse narasyon an. Se tou youn nan kalite lekti Trouillot abitye ofri: yon lekti sansib men rijid nan analiz li, ki pa sèlman apresye bote yon tèks, men ki chèche konprann sa literati a di sou moun, sou sosyete a ak sou posiblite pou yon lòt reyalite. Nan prezantasyon li fè pou Marasa Grann Sent Àn, li bay woman an yon plas nan refleksyon pi laj sou peyizanri, Ayiti ak nesesite pou jenerasyon k ap vini yo pa grandi anba dezespwa.

Sa si tèlman rive souvan, ou ka di nou tout konn yon istwa konsa : Yon ti peyizàn ki lage kò l nan chache plezi. Li gwòs, nèg di pitit pa pou li. Li akouche nan move kondisyon. Anyen ki nèf. Depi tan sa ap pase konsa...