Nan kad uityèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL), ki pral dewoule ann Ayiti soti 2 pou rive 8 desanm 2026, ekriven ayisyèn Maude Heurtelou resevwa yon omaj espesyal pou kokennchenn kontribisyon li nan pwomosyon, devlopman ak valorizasyon lang ak kilti kreyòl. Ansanm avèk kontè gwadloupeyen Benjamin Moïse (BENZO) ak diva mizik ayisyèn Carole Demesmin, li pami pèsonalite festival la chwazi mete alonè. FEL ap rann powèt kreyolis Eddy Toussaint, alyas Tonton Gi, yon omaj tou, nan memwa kontribisyon li.

Onore Maude Heurtelou, se rekonèt travay yon fanm ki konsakre yon gwo pati nan lavi li nan sèvis lang kreyòl la. Manm Akademi Kreyòl Ayisyen an depi 4 desanm 2025, li se yon ekriven pwolifik, yon chèchè ak yon pwofesyonèl ki mete konesans li nan plizyè domèn nan sèvis kominote a.