Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an pwofite fèt Nwèl ak Joudlan an pou li swete tout Ayisyen ak Ayisyèn alawonnbadè bòn fèt Nwèl 2013, bòn lane 2014 nan lanmou, nan konpreyansyon ak nan respè youn pou lòt. Komite a ap fè tout moun sonje premye janvye se fèt Endepandans peyi a : endepandans politik, endepandans kiltirèl, endepandans lengwistik… Kreyòl se lang ofisyèl peyi d Ayiti depi 1987, se lang ki simante nou youn ak lòt jan Konstitisyon an rekonèt sa. Se nan lang sa a youn konprann lòt, se lang sa a ki pou rekonsilye nou, rasanble nou nan yon pwojè mobilizasyon dyanm pou vansman nou nan tout domèn. Komite pou tabli Akademi Kreyòl la swete pou ane 2014 la, youn konprann lòt nan sans « konprann pawòl ak lide lòt la » men tou « konprann sila a ki di pawòl la ak pwoblèm li, sitiyasyon li, revandikasyon li, demann li ». Pou sa, lang kreyòl la dwe jwenn plas li nan tout konpatiman sosyete a : nan lekòl, nan administrasyon leta, nan lajistis, nan antrepriz prive… Devlopman Ayiti pa ka fèt san Ayisyen! Ayisyen pa ka devlope san panse, san aksyon! Aksyon ant Ayisyen pa ka devlope san kominikasyon! Kominikasyon ant Ayisyen pa ka devlope san lang kreyòl! Devlopman lang kreyòl se chimen devlopman Ayiti ak Ayisyen! Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen Desanm 2013 akademikreyol@yahoo.fr