Sa se lèt motivasyon Michel DeGraff te ekri kòm kandida pou Akademi Kreyòl Ayisyen an:
Mwen se pwofesè lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (“MIT”). Pi fò rechèch mwen konsène devlopman ak estrikti lang kreyòl ayisyen. Mwen prezante bon kou rezilta rechèch sa yo nan yon seri piblikasyon ki disponib gratis sou entènèt. Rechèch mwen entegre yon vizyon sosyal ki chita sou kapasite lang kreyòl la genyen pou amelyore edikasyon ak devlòpman ann Ayiti. Se fòmasyon m ak rechèch mwen kòm lengwis ki motive kandidati m pou Akademi Kreyòl la.
Apre patisipasyon m nan kolòk entènasyonal ki te fèt sou Akademi Kreyòl Ayisyen an ann oktòb 2011 e selon kolaborasyon m ak komite k ap travay pou tabli Akademi an, mwen te reyalize ke vizyon sosyal mwen ale nan menm sans ak objektif ke Akademi an bay tèt li. Ajannda rechèch mwen ansanm ak travay ke m ap fè kòm edikatè sou teren ann Ayiti ta dwe kore objektif Akademi an tou. Wi, travay mwen kòm lengwis gen 2 konsekans ki enpòtan anpil pou edikasyon, pou lengwistik epi pou yon politik lengwistik ki ka kreye kondisyon pou mete Ayiti sou wout devlòpman tout bon vre: (i) Rechèch lengwistik ke m ap fè depi plis pase 20 lane montre nou aklè ke lang kreyòl nou an se yon lang menm jan ak tout lòt lang; epi tou, li gen menm kalite devlòpman, estrikti ak kapasite ke nenpòt ki lòt lang genyen; (ii) Travay ke m ap fè sou teren ann Ayiti ak timoun epi pwofesè syans ak matematik montre ke kreyòl se yon zouti ki esansyèl pou pwogrè akademik ak pwogrè ekonomik ann Ayiti, sitou nan kominote sa yo k ap sibi enjistis sosyal depi kòmansman istwa peyi a an 1804.
Depi 2010, gras a finansman ki soti nan U.S. National Science Foundation, m ap dirije yon “Inisyativ MIT-Ayiti” kote yon ekip pwofesè, savan ak enfòmatisyen ap devlope nouvo estrateji pou makonnen kreyòl ak teknoloji pou nou amelyore kalite ansèyman ann Ayiti. Amelyorasyon sa yo baze sou aprantisaj aktif nan lekti, ekriti, matematik ak syans.
Nan Inisyativ MIT-Ayiti sa a, mwen rive mobilize yon bèl konbit pou devlopman, evalyasyon ak diseminasyon lojisyèl ansanm ak lòt resous an kreyòl pou modernize ak demokratize ansèyman syans, matematik, lidèchip, travay ann ekip, eks. Objektif prensipal Inisyativ MIT-Ayiti sa a se itilize pedagoji ak zouti modèn pou ede Ayiti bati yon bon kalite sistèm edikasyon pou plis etidyan nan tout rakwen ann Ayiti—pou peyi a ka vin pi djanm. Inisyativ la deja mete bon kou nan materyèl sa yo an liy pou tout moun ka jwenn yo gratis ti cheri. Lang matènel, teknoloji, pedagoji modèn, syans, matematik, lidèchip, travay ann ekip, eks., tou sa se zouti enpòtan pou amelyore edikasyon ak sosyete ann Ayiti. Se konsa peyi ki devlope sèvi ak teknoloji nan lang matènèl timoun yo kòm motè devlòpman. Epi tou, itilizasyon lang kreyòl nan zouti lojisyèl epi lòt materyèl pou edikasyon ap ranfòse fondasyon idantite lengwistik ak kiltirèl peyi a.
E fondasyon sa yo pral ede timoun yo devlope kapasite pou yo vin maton nan syans, matematik, teknoloji, syans sosyal, nan lòt lang tankou franse, angle, panyòl, elatriye. Nouvo konesans sa yo ap ka mete peyi a sou wout devlòpman dirab. Sa vle di: lang kreyòl, ki se lang tout Ayisyen pale, lè nou makonnen li ak teknoloji ansanm ak edikasyon, li ka sèvi kòm bonjan siman pou refondasyon peyi a. Menm jan franse te vin ranplase laten an frans gras a travay save tankou Descartes, kreyòl tou ka vin yon lang akademik pou Ayiti, yon zouti pou bati yon nouvo Ayiti, yon enstriman pou pwogrè politik ak pwogrè ekonomik tout Ayisyen.
Akademi an gen yon gwo wòl pou li jwe nan rechèch k ap fèt sou devlòpman ak estrikti lang kreyòl ayisyen an epi sou itilizasyon lang lan nan devlòpman nouvo resous ak nouvo zouti pou timoun yo ka vin pi djanm, pi kreyatif. E se pou sa ke mwen ta renmen travay kòm Akademisyen—pou mwen mete tout konesans mwen ak tout esperyans mwen nan sèvis peyi m. Epi tou, mwen ta renmen kolabore ak lòt Akademisyen yo pou nou rive devlope yon kominote lengwistik san fòs kote. Se pou sa m ap soumèt kandidati m kòm lengwis e kòm edikatè pou mwen ka pote kole nan kokenn chenn travay sa a ke Akademi an pral fè pou bati Ayiti cheri nou vle a.
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.