Nan ou Pawòl Kouplè 1 Sa fè lontan ou pa vle di anyen. Mwen santi nanm ou pati lwen Anpil fwa m’ wè nou vle bouje La perèz fèw pè avanse Siw gade byen chimen nou fè, Fòw ta wè tout fòs nou genyen Mpa ka fèl san ou, pa lagem poukò m’ Se pa kounyea poun bay legen Fòk ou sonje kiyès ou ye, se pa vre ou se sous peche, Koze sa, se yon mit li ye Nan ou lavi grandi, se nanm ou ki nouril, (reveyew) Refren M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm Istwa lanmou sa wap chèche a, Se ak tè ou pou li kòmanse M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm Revolisyon sa wap chèche a Se ak tèt ou pou li kòmanse. Kouplè 2 San reflechi souvan m’ bay kòm, San pèmisyon souvanl pran kòm. Tankou yon byen ki san valè, M kitel detwui’l kòmsi l pat pou mwen. Si w’ di lònè ou pa tande respè, men poukisa ou rantre kan menm Mwen revòlte, Mwen santim bouke, M pap ret bouch be sou sa ankò. Menm si koze yo fè nou mal, Fòn dakò sispann ipokrizi a Pa fè kòmsiw pa konprann, Silans pap ede nou geri ansanm. Refren M’anvi pale avèw, M’anvi diw sak sou kèm Istwa lanmou sa wap chèche a, Se ak tè ou pou li kòmanse M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm Revolisyon sa wap chèche a Se ak tèt ou pou li kòmanse. Bridge? Yo diw vanyan, Yo diw potomitan. Yo diw… Yo di ou se rèn, Ou se lakansyèl, Yo diw …. Pou fèw ou pa panse Pou fèw pa vle pale Pou fè ou pa kriye C’est assez, c’est assez, c’est assez… Refren? M’anvi pale avèw, Poum dekouvri mystèw Istwa lanmou sa wap chèche a, Se ak tè ou pou li kòmanse M’anvi pale avèw, M’anvi diw sak sou kèm Zanmi sa wap chèche a Zanj wap chèche a Ewo wap chèche a gad andedan ou, Se nan ou li ye...