Ayibobo
Kiyès ou ye
Ki moun ou ye
Kotew soti
_VERSE-1_
Haitiano, Haitian, Ayisyen natif natal pou pi bien konpran
ki mele’m ak tou sa ki pa vle kwè’m yo
sa pa gade’m m’konn kiyès ki frè ak sè’m yo
se mwen ki JPerry a sak pa vle Ayiti peri a
tout kote’m pase yo wè’m yo banm respè’m nan tou lari a
m fè’t Potoprens lopital kanapevè
nan mizik sa map konfimel pou tout sak pat vle kwè
mezanmi wo wo wo wo
ann voye peyi a pi wo wo wo wo
fòk li dekole pou nou tout ka enjoy
Ayiti se ti pam nan leve men’n anlè lè yo mande
_HOOK_
kiyès ou ye
Ayisyen mwen ye manman
Ki moun ou ye
Ayisyen mwen ye papa
Kotow soti
Ayiti’m soti
Pou li map mouri
Palmis pou la vi ye
_VERSE-2_
mwen danse twoubadou mwen danse rara
mwen danse rabòday m konn danse kompa
epi kanaval la bèl li bèl li bèl mwen sonje black la
Erik Charles mizik mizik ki te banou lòv la
kè’m pa sote lè’m tande moun kap pale pale
de po rouj de po nwa de po ble de po dis de po dat
depi’w gen Ayiti sou kè’w ou se Ayisyen
mezanmi wo wo wo wo
ann voye peyi a pi wo wo wo wo
fòk li dekole pou nou tout ka enjoy
Ayiti se ti pam nan leve men’n anlè lè yo mande
_HOOK_
kiyès ou ye
Ayisyen mwen ye manman
Ki moun ou ye
Ayisyen mwen ye papa
Kotow soti
Ayiti’m soti
Pou li map mouri
Palmist pou la vi ye
_BRIDGE_
moun Port au Prince, Cap Haitien mwen ye
moun St Marc, moun Jeremie mwen ye
moun Jacmel, moun Gonaive mwen ye
Bainet, Aqui, Coteaux, Hinche, Mole Sain Nicolas, Limbé
moun Leogane, Croix des Bouquet mwen ye
moun Port Salut, moun Miragoane mwen ye
moun Archaie, moun La Gonave mwen ye
Mirbalais, Ouanaminthe, Cayes, Belle Anse, Borgne, Fort Liberte
moun Port de Paix, Lascohas mwen ye
moun Gros Morne, moun Corail mwen ye
moun Valliere, Cerca La Source mwen ye
Grande Riviere du Nord, L’acule du Nord, Anse a Veau
moun Dessalines, Saint-Raphael mwen ye
moun Plaisance, Marmelade mwen ye
moun Chardonniere, moun Baraderes mwen ye
Saint Louis du Nord, Trou du Nord, Anse D’Hainault
_HOOK_
kiyès ou ye
Ayisyen mwen ye manman
Ki moun ou ye
Ayisyen mwen ye papa
Kotow soti
Ayiti’m soti
Pou li map mouri
Palmist pou la vi ye
se mwen ki JPerry a sak pa vle Ayiti peri a
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.